1Alò, lafwa se Eb 3:14asirans a sa ke n ap espere ak konviksyon de bagay nou pa wè yo.
2Paske se pa lafwa, moun nan tan ansyen yo te Eb 11:4,39vin apwouve.
3Pa lafwa nou konprann ke Jn 1:3mond yo te prepare pa pawòl Bondye a, pouke sa nou wè pa t fèt avèk bagay ki vizib.
4Pa lafwa Jen 4:4Abel te ofri a Bondye yon pi bon sakrifis ke Cain, selon sa, li te resevwa temwayaj ke li te jis. Bondye te fè temwayaj de ofrann li yo, epi pa lafwa, malgre ke li mouri, li toujou pale.
5Pa lafwa Jen 5:21-24Enoch te monte pou l te kab pa wè lanmò. E kò li pa te jwenn akoz ke Bondye te pran l. Paske li te twouve temwen ke avan li te monte a, li t ap fè Bondye plezi.
6Konsa, san lafwa, li enposib pou fè Li plezi, paske sila ki Eb 7:19vin kote Bondye a, dwe kwè ke Li egziste, e ke li bay rekonpans a sila ki chache L yo.
7Pa lafwa Jen 6:13-22Noé te avèti pa Bondye de bagay ki potko vizib yo, avèk respè, li te prepare yon lach pou sove tout lakay li. Pa sa, li te kondane mond lan, e li te devni yon eritye ladwati ki se pa lafwa.
8Pa lafwa Jen 12:1-4Abraham, lè l te rele, li te obeyi lè l te sòti pou ale yon kote ke li te dwe resevwa pou eritaj. Li te soti malgre li pa t menm konnen ki kote li t ap prale.
9Pa lafwa, li te viv kòm yon etranje nan Trav 7:5peyi pwomès la, tankou se nan yon peyi etranje, e li te abite nan tant avèk Isaac ak Jacob, eritye ansanm a menm pwomès la.
10Paske li t ap chache Eb 12:22vil ki gen fondasyon an, ki gen kòm achitèk ak fondatè, Bondye menm.
11Pa lafwa, menm Jen 17:19Sarah te vin gen kapasite pou l ansent, menm depase pwòp tan lavi li, paske li te konsidere Li menm fidèl ki te fè pwomès la.
12Akoz sa te vin fèt de yon sèl moun, e Wo 4:19li menm, tankou yon moun mouri deja, yon kantite desandan “an chif Jen 22:17kòm zetwal, e ki pa kab kontwole tankou grenn sab lanmè.”
13Tout sila yo te mouri nan lafwa Eb 11:39san resevwa pwomès yo, men yo te wè yo e te rejwi de yo a yon distans, epi yo Jen 23:4te konfese ke yo te etranje e egzile sou tè a.
14Paske sila ki di bagay sa yo, fè l klè ke y ap chache yon peyi ki pou yo.
15Si vrèman, yo t ap panse ak peyi sa a ke yo te soti a Jen 24:6-8yo t ap twouve chans pou retounen.
16Men jan sa ye a, yo pito yon pi bon peyi, yon II Tim 4:18peyi selès. Konsa, Bondye pa t wont pou Li menm ta rele Bondye pa yo a, paske Eb 11:10Li te prepare yon vil pou yo.
17Pa lafwa Jen 22:1-10Abraham, lè l te vin pase a leprèv, li te ofri Isaac; e sila ki te Eb 11:13resevwa pwomès la, t ap ofri sèl fis li a.
18Se te selon fis sa menm ke Li te di: Jen 21:12“Nan Isaac, desandan ou yo va rele.”
19Men li te konsidere ke Wo 4:21Bondye kapab leve moun menm soti nan lanmò. E vreman, li te osi resevwa li (Isaac) soti nan lanmò kòm yon modèl de sila ki t ap vini an.
20Pa lafwa Jen 27:27-29,39Isaac te beni Jacob ak Ésaü, menm selon bagay ki t ap vini yo.
21Pa lafwa Jen 48:1,5,16,20Jacob, pandan li t ap mouri, li te beni tout fis Joseph yo, e li te adore pandan li t ap apiye sou tèt baton li.
22Pa lafwa Jen 50:24Joseph, lè l t ap mouri, te pale sou egzòd a fis Israël yo, e te pase lòd konsènan zo li yo.
23Pa lafwa Egz 2:2Moïse, lè l te fèt, te kache pandan twa mwa pa paran li yo, paske yo te wè ke li te yon bèl pitit; e yo pa t pè Egz 1:16,22lòd wa a.
24Pa lafwa, Moïse Egz 2:10,11lè l te fin grandi, li te refize rele fis a fi Farawon an;
25men li te chwazi pito Eb 11:37sipòte afliksyon avèk pèp Bondye a pase pou l ta rejwi nan plezi peche k ap pase yo.
26Li te Luc 14:33konsidere repwòch a Kris la kòm pi gran richès pase trezò an Égypte yo; paske li t ap gade rekonpans lan.
27Pa lafwa, li te Egz 2:15kite Égypte, san Egz 2:14krent kòlè a wa a; paske li te kenbe fèm, kòmsi li te wè Sila ki pa vizib la.
28Pa lafwa, li te Egz 12:21fè Pak Jwif la, e li te flite san an, pou sila ki te detwi premye ne yo pa t kab touche yo.
29Pa lafwa yo te Egz 14:22-29travèse Lamè Wouj, kòmsi yo t ap pase sou tè sèk. E Ejipsyen yo, lè yo te tante fè l, te vale nèt.
30Pa lafwa Jos 6:20miray Jéricho yo te tonbe Jos 6:15apre yo te fin fè wonn yo pandan sèt jou.
31Pa lafwa Jos 2:9Rahab fanm movèz vi a, pa t peri ansanm avèk sila ki te dezobeyisan yo, apre li te fin resevwa espyon yo an pè.
32Epi kisa mwen kapab di anplis? Paske nanpwen tan pou pale de Gédéon Jij 4; Jij 5Barak, Samson, Jephthé, David, Samuel, ak pwofèt yo,
33ki pa lafwa, te fè konkèt wayòm yo, te fè zèv ladwati, te II Sam 7:11resevwa pwomès yo, e te fèmen bouch a lyon yo.
34Yo te Dan 3:23etenn pouvwa dife a, chape de lanm nepe a, nan feblès yo te vin fò, vin vanyan nan lagè, e yo te fè lame etranje yo sove ale.
35 I Wa 17:23 Fanm yo te resevwa anretou mò yo pa rezirèksyon. Lòt yo te toumante, ni pa t aksepte pou yo ta lage, paske yo te pito resevwa yon pi bon rezirèksyon.
36Epi lòt nan yo te pase pay nan moke ak resevwa kout fwèt; wi, menm Jen 39:20chenn ak prizon tou.
37Yo te I Wa 21:13lapide ak kout wòch, yo te siye an de bout, yo te pwovoke, e te mete a lanmò avèk nepe. Yo te ale toupatou an po mouton ak po kabrit, san mwayen, aflije, maltrete—
38moun ke mond lan pa menm merite yo— Yo te I Wa 18:4,13gaye kò yo nan dezè, mòn, nan kavo, ak twou nan tè yo.
39Malgre, tout moun sila yo, ki te vin apwouve selon lafwa yo Eb 10:36pa t resevwa sa ki te pwomèt la.
40Paske Bondye te ranje yon Eb 11:16pi bon pwovizyon pou nou menm Rev 6:11pouke apa de nou menm, yo pa ta kapab vin pafè.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.