Ebre Yo 8 - Haitian Bible

1Koulye a, pwen prensipal nan sa ki te di a se sa: “Nou gen yon si tèlman wo prèt ki pran plas Li Sòm 110:1adwat a twòn Majeste a nan syèl yo.”

2Pou Li aji kòm sèvitè nan sanktyè a, ak nan Eb 9:11,24vrè tabènak la ke Senyè a, olye lòm te fè leve.

3Paske chak Eb 2:17wo prèt nonmen pou ofri ni don ni sakrifis. Konsa li nesesè pou wo prèt sila a gen yon bagay pou l ofri tou.

4Alò, si Li te sou latè, Li pa t ap yon prèt menm, paske pou sa a, gen sila yo ki Eb 5:1ofri don yo selon Lalwa,

5ki sèvi kòm yon kopi ak lonbraj a bagay selès yo, jis jan ke Moïse te avèti pa Bondye lè Li te prèt pou leve tabènak la, paske Egz 25:40“Veye” Li te di: “pou ou fè tout bagay selon modèl ki te montre a ou menm sou mòn nan.”

6Men koulye a, Li vin gen yon èv ki pi ekselan, paske Li se osi I Tim 2:5medyatè a yon pi bon akò, ki te etabli sou pi bon pwomès yo.

7Paske Eb 7:11si premye akò sa a te san defo, pa t ap gen yon rezon pou yon dezyèm.

8Paske akoz Li twouve fot nan yo, Li di:

Jr 31:31 “Gade byen, jou yo ap vini, di Senyè a,

lè Mwen va fè yon akò tounèf avèk kay Israël la

e avèk kay Juda a;

9 Egz 19:5 Pa tankou akò ke Mwen te fè avèk zansèt pa yo

nan jou ke M te pran yo nan men

pou mennen yo sòti an Égypte la;

paske yo pa t kontinye nan akò Mwen an

e Mwen pa t okipe yo, di Senyè a.

10 Jr 31:33 Paske sa se akò ke Mwen va fè avèk kay Israël la

apre jou sa yo, di Senyè a:

Mwen va mete Lalwa Mwen nan panse yo,

e Mwen va ekri yo nan kè yo.

Mwen va Bondye yo,

e yo va pèp Mwen.

11 Jr 31:34 Epi yo p ap enstwi chak sitwayen parèy a yo

ak chak frè a yo, pou di: ‘Vin konnen Bondye’,

paske tout moun ap deja konnen Mwen, soti nan

pi piti jiska pi gran nan yo.

12 És 43:25 Paske Mwen va gen mizerikòd pou linikite pa yo

e Mwen p ap sonje peche yo ankò.

13Lè L te di: Luc 22:20“Yon akò tounèf”, Li fè premye a epwize nèt. Men, nenpòt sa ki vin epwize a, e ki vin vye, prè pou vin disparèt.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help