1Alò, nou mande nou, frè nou yo, konsènan I Tes 2:19vini a Senyè nou an, Jésus Kri, ak Mc 13:27reyinyon nou ansanm avèk Li a,
2pou nou pa pèdi bon sans ak ekilib nou twò vit pa ni yon I Jn 4:1lespri, ni yon II Tes 2:15mesaj, ni yon lèt, kòmsi y ap di sòti nan nou menm, ak efè ke jou Senyè a gen tan rive deja.
3Pa kite okenn moun nan okenn sans twonpe nou, paske li p ap vini amwenske gwo renye lafwa nan Bondye a ta fèt avan, e Dan 7:25nonm peche a, fis a Jn 17:12pèdisyon an, ta vin parèt.
4Li va opoze e egzalte tèt li pi wo pase tout kalite bagay yo rele Dye oubyen tout sa ki adore, pou li kapab pran plas li nan tanp Bondye a, e És 14:14prezante tèt li kòm Bondye.
5Èske nou pa sonje I Tes 3:4lè m te toujou avèk nou an, mwen t ap di nou bagay sa yo?
6Konsa, nou konnen II Tim 2:7kisa ki anpeche li koulye a, pouke nan lè li a, li kapab vin parèt.
7Paske Rev 17:5,7mistè nonm a peche a ap travay deja; sèlman Sila k ap anpeche li kounye a, va fè sa jiskaske li vin retire nan wout la.
8Nan moman sa a, nonm a peche a va vin parèt; sila ke Bondye va touye És 7:4avèk souf ki soti nan bouch li a, e fè sa fini ak aparisyon retou a Li menm nan.
9Sa se, sila kap vini an akò avèk aktivite Satan, avèk tout pouvwa, Mat 24:24sign, ak fo mirak,
10epi avèk tout desepsyon mechanste pou I Kor 1:18sila ki peri yo, paske yo pa t resevwa lanmou II Tes 2:12,13a verite a, jis pou yo ta kapab sove.
11Pou rezon sa a, I Wa 22:22Bondye va voye sou yo yon lespri twonpè pou yo kapab kwè sa ki fo a,
12pou yo tout kapab jije ki Wo 2:8pa t kwè nan verite a, men ki te Wo 1:32pran plezi nan mechanste.
13Men nou ta dwe bay remèsiman pou nou menm, frè m yo, byeneme nan Senyè a, akoz Ef 1:4Bondye te chwazi nou depi nan kòmansman an pou sali atravè sanktifikasyon I Tes 4:7pa Lespri a ak lafwa nan verite a.
14Se te pou sa Li te I Tes 2:12rele nou atravè levanjil nou an, pou nou ta kapab vin genyen laglwa Senyè nou an, Jésus Kri.
15Konsa, frè m yo, kanpe fèm e I Kor 11:2kenbe ak tradisyon ke yo te enstwi nou yo, kit se pa pawòl kit se pa lèt a nou an.
16 I Tes 3:11 Koulye a, ke Senyè nou an, Jésus Kri, Li menm, ak Bondye, Papa nou an, ki renmen nou e ki bay nou rekonfò etènèl ak bon espwa pa lagras la
17I Tes 3:2rekonfòte nou e ranfòse kè nou nan tout bon zèv ak pawòl.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.