Filipyen Yo 3 - Haitian Bible

1Finalman, frè m yo Fil 2:18rejwi nou nan Senyè a! Pou m ekri menm bagay yo ankò pa yon pwoblèm pou mwen, e se yon pwotèj pou nou menm.

2Veye Sòm 22:16chen yo, veye II Kor 11:13ouvriye mechan yo, veye fo sikonsizyon an.

3Paske Wo 2:29nou menm se vrè sikonsizyon an, ki Jn 4:23adore nan Lespri Bondye a, e bay glwa nan Kris Jésus, e ki pa mete konfyans nan lachè.

4Byenke II Kor 5:16mwen menm ta kapab gen konfyans menm nan lachè. Si gen nenpòt lòt moun ki gen lide pou mete konfyans li nan lachè, mwen menm bokou plis ke sa:

5Luc 1:59sikonsi nan uityèm jou a, ne nan Wo 11:1nasyon Israël la, nan tribi Benjamin an, yon Ebre a Ebre yo; selon Lalwa a, yon Farizyen;

6kòm zele, yon Trav 8:3pèsekitè legliz la; kòm ladwati ki nan Lalwa a, ki twouve san fot.

7Men Luc 14:33nenpòt bagay ki te benefis pou mwen, mwen konte bagay sa yo kòm pèt pou koz a Kris la.

8Anplis de sa, mwen konte tout bagay kòm pèt an konsiderasyon ak piwo valè ke m konnen Kris Jésus a, Senyè mwen an. Jr 9:23Pou Sila mwen te soufri pèt tout bagay yo, e konte yo kòm fatra, pou m kapab genyen Kris.

9E pou m ta kab twouve nan Li, pa avèk Wo 10:5ladwati pa m, ki sòti nan Lalwa a, men ki soti pa lafwa nan Kris la, Wo 9:30ladwati ki sòti nan Bondye sou baz lafwa a.

10Pou mwen kapab konnen Li, ak Wo 6:5pouvwa a rezirèksyon Li an, ak Wo 8:17lamitye a soufrans li yo, ki fè m konfòme menm a lanmò Li,

11pou m ta kapab I Kor 15:23rive menm nan rezirèksyon a lanmò a.

12Se pa ke m I Kor 9:24rive la deja oubyen ke m vin pafè deja, men mwen ap pouse pi rèd pou m kapab rive sou pèfeksyon sa a ki te fè Kris Jésus mete men l sou mwen an.

13Frè m yo, mwen pa gade tèt mwen kòm youn ki rive sou li deja, men yon sèl bagay ke m fè; Luc 9:62se bliye sa ki dèyè e lonje pa devan pou sa k ap vini an,

14mwen pouse rive vè objektif la, pou m genyen pri wo apèl BondyeWo 8:28nan Kris Jésus a.

15Konsa, otan nan nou ki pafè, annou gen menm panse sa a. Epi si nan nenpòt bagay nou pa reflechi konsa Jn 6:45Bondye va osi revele sa a nou.

16Sepandan, nan menm fòs ke nou deja reyisi, annou kontinye Gal 6:16viv pa menm prensip ke nou fin atenn deja a. Annou toujou gen menm panse.

17Frè m yo I Kor 4:16vin swiv egzanp mwen an, e swiv sila ki mache selon I Pi 5:3modèl ke nou gen nan nou an.

18Paske II Kor 11:13anpil moun mache, de sila mwen te souvan di nou yo, e koulye a mwen di nou ankò menm avèk dlo nan zye m, ke yo se lènmi Gal 6:14lakwa a Kris la,

19ki gen pou fen, destriksyon, ki gen pou dye pa yo Wo 16:18apeti yo, e ki gen pou Wo 6:21glwa yo, wont yo, ki fikse panse yo sou bagay tèrès yo.

20Paske pou nou menm Ef 2:19sitwayènte nou se nan syèl la. E soti nan li menm, n ap tann ak enpasyans yon Sovè, Senyè a, Jésus Kri,

21ki va I Kor 15:43-53transfòme move kò sila a, pou l vin konfòme ak kò laglwa pa Li a. Li va fè sa pa egzèsis a pouvwa ke Li genyen pou soumèt tout bagay anba otorite pa L.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help