1 Pwov 6:20 Zanfan yo, obeyi a paran nou nan Senyè a, paske se sa ki bon.
2Egz 20:12Onore Papa ou ak manman ou, ki se premye kòmandman ki vini avèk yon pwomès;
3pou li kapab ale byen avèk ou, e pou ou kapab viv anpil tan sou latè.
4Papa yo, pa pwovoke pitit nou yo a lakòlè, men Kol 3:21; Jen 18:19elve yo nan disiplin ak enstriksyon a Senyè a.
5 Kol 3:22 Esklav yo, se pou nou obeyisan a sila ki mèt nou yo selon lachè, avèk lakrent ak tranbleman, nan senserite a kè nou, tankou a Kris la menm,
6pa sèlman devan zye, kòmsi Gal 1:10pou fè moun plezi, men kòm esklav a Kris k ap fè tout volonte Bondye ki soti nan kè a.
7Avèk bòn volonte, rann sèvis Kol 3:23tankou a Senyè a, e pa a lòm
8nan konesans ke Mat 16:27nenpòt bon bagay yon moun fè, li va resevwa sa a soti nan Senyè a, kit li esklav kit li lib.
9Epi mèt yo, fè menm bagay yo pou yo. Sispann menase yo, lòske nou konprann ke Job 31:13ni Mèt pa yo a ak pa nou an se nan syèl la, epi devan Li pa gen patipri.
10Anfen I Kor 16:13se pou nou vin fò nan Senyè a ak nan Ef 1:19fòs a pouvwa Li.
11Wo 13:12Mete tout pwotèj Bondye a sou nou pou nou kapab kanpe fèm kont tout riz Satan yo.
12Paske lit nou an pa kont Mat 16:17lachè ak san, men kont wayòm yo, kont pouvwa yo, kont fòs mondyal a tenèb sila a, kont fòs lespri mechan yo nan lye selès yo.
13Konsa, se pou nou pran tout pwotèj a Bondye a nèt pou nou kapab Jc 4:7reziste nan move jou a, epi lè nou fin fè tout bagay, pou nou kanpe fèm.
14Konsa, kanpe fèm, kòmsi nou te fin És 11:5kouvri ren nou avèk Verite a, e mete sou lestomak la És 59:17pwotèj ladwati a.
15Konsa, És 52:7abiye pye nou avèk preparasyon levanjil lapè a,
16e anplis de tout bagay, pran I Tes 5:8boukliye lafwa a pou nou kapab etenn tout flèch dife a Mechan an.
17Epi pran És 59:17kas Sali a ak Eb 4:12nepe Lespri a, ki se pawòl Bondye a.
18Avèk tout Fil 4:6lapriyè ak siplikasyon, priye nan Lespri a tout tan, e avèk tout sa an konsiderasyon, rete vijilan avèk tout pèseverans ak siplikasyon pou tout fidèl yo.
19Kol 4:3Priye pou mwen, pou mo yo va bay a mwen menm, pou lè m ouvri bouch mwen, mwen kapab fè konnen avèk kouraj, mistè a levanjil la,
20pou sila ke mwen se yon II Kor 5:20anbasadè anchene; pou nan pwoklame li, mwen kab pale avèk kouraj, jan mwen ta dwe pale a.
21 Ef 6:21,22; Kol 4:7-9 Men pou nou menm osi kapab konnen sikonstans mwen yo, jan mwen ye, Tychique, frè byeneme e sèvitè fidèl nan Senyè a, va fè nou konnen tout bagay.
22Mwen te voye li kote nou pou bi sa a menm, pou nou ta kapab konnen sikonstans nou menm, e pou Li ta kapab Kol 2:2rekonfòte kè nou.
23Lapè avèk frè nou yo, e Gal 5:6lanmou avèk lafwa, ki soti nan Bondye, Papa a, ak Senyè a Jésus Kri.
24Lagras avèk tout sila yo ki renmen Senyè nou an, Jésus Kri, avèk yon lanmou ki p ap janm varye. Amen.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.