Galat Yo 3 - Haitian Bible

1O nou menm moun Galatie ensanse yo! Kilès ki gen tan mete wanga sou nou konsa, pou nou refize laverite a? Nou menm devan zye a kilès, Jésus Kri te I Kor 1:23piblikman prezante kòm krisifye a?

2Sèl bagay ke m vle konnen de nou; Èske nou te resevwa Lespri a pa zèv Lalwa yo, oubyen pa Wo 10:17tande avèk lafwa?

3Èske nou si tèlman ensanse? Èske nou te kòmanse avèk Lespri a, epi koulye a nou ap vin pafè pa lachè?

4Èske nou te soufri tout bagay sa yo anven—I Kor 15:2si vrèman se te anven?

5Alò, èske Sila ki founi nou avèk Lespri a e ki te fè zèv mirak pami nou yo, te fè li pa zèv Lalwa yo, oubyen pa Wo 10:17tande ak lafwa.

6Malgre sa Jen 15:6“Abraham te kwè Bondye, e sa te konte pou Li kòm ladwati.”

7Konsa, se pou nou asire ke Wo 4:16se sila ki nan lafwa yo ki se fis Abraham.

8Lekriti sen an, ki te prevwa ke Bondye ta jistifye pèp etranje yo pa lafwa, te preche levanjil la davans a Abraham. Konsa, li te di: Jen 12:3“Tout nasyon yo va beni nan ou”.

9Alò Gal 3:7sila ki nan lafwa yo, beni pa Abraham, kwayan an.

10Paske tout sa ki nan zèv Lalwa yo anba yon madichon. Paske sa ekri: Det 27:26“Modi se tout moun ki pa respekte tout bagay ki ekri nan liv Lalwa a, pou fè yo.”

11Alò, li klè ke Gal 2:16pèsòn pa jistifye pa Lalwa devan Bondye, paske Hab 2:4“Moun jis la va viv pa lafwa”.

12Sepandan, Lalwa a pa selon lafwa; okontrè: Lev 18:5“Sila ki pratike yo a va viv pa yo menm.”

13Kris te delivre nou de madichon Lalwa a, akoz Li te devni yon madichon pou nou—paske sa ekri: Det 21:23“Modi se tout moun ki pann sou yon bwa.”

14Pouke nan Kris Jésus, benediksyon Abraham yo ta kapab vini pou pèp etranje yo, pou nou Gal 3:2ta kapab resevwa Trav 2:33pwomès a Lespri Sen an pa lafwa.

15Frè m yo Wo 3:5mwen pale nan tèm relasyon moun ak moun; menm si se sèlman yon akò moun, depi li fin etabli, nanpwen moun k ap mete l sou kote oubyen ajoute kondisyon ladann.

16Alò, pwomès yo te pale a Abraham ak posterite li. Li pa t di, “a posterite ou yo”, kòm referans a anpil moun, men de preferans a yon sèl moun: Trav 3:25“E a posterite ou”, sa se Kris.

17Sa ke m vle di a se sa: Lalwa, ki te vini Jen 15:13kat-san-trant ane pita a, pa anile akò sa ki te deja etabli pa Bondye, kòmsi pou anile pwomès la.

18Paske Wo 4:14si eritaj la baze sou lalwa, li pa baze sou yon pwomès ankò; men Bondye te bay li a Abraham pa mwayen de yon pwomès.

19 Wo 5:20 Alò, poukisa Lalwa a? Li te ajoute akoz de transgresyon yo, ki te òdone atravè zanj yo pa ajans a yon medyatè, jiskaske semans lan ta kapab rive a Sila pwomès la te fèt la.

20Alò I Tim 2:5yon medyatè pa pou yon sèl pati, tandiske Bondye se yon sèl.

21Konsa, èske Lalwa a vin kont pwomès a Bondye yo. Luc 20:16Ke sa pa ta janm fèt! Paske si te gen yon lwa ki ta kapab bay lavi, alò, ladwati ta vrèman baze sou Lalwa.

22Men Lekriti sen an Wo 11:32anchene tout bagay anba peche, pou pwomès la, pa lafwa nan Jésus Kri a, ta kapab bay a sila ki kwè yo.

23Men avan lafwa te vini, nou te kenbe kòm yon depandan anba Lalwa, sans akse a lafwa ki t ap vin revele pita.

24Konsa, Lalwa te devni pwofesè lekòl nou, pou mennen nou a Kris, Gal 2:16pou nou ta kapab jistifye pa lafwa.

25Men koulye a, ke lafwa rive, nou pa anba I Kor 4:15yon pwofesè lekòl ankò.

26Paske nou tout se Wo 8:14fis a Bondye pa lafwa nan Kris Jésus.

27Paske nou tout ki te batize nan Kris la te Wo 13:14abiye tèt nou avèk Kris.

28Wo 3:22Pa gen ni Grèk, ni Jwif, ni esklav, ni lib, pa gen ni mal ni femèl; paske nou tout se youn nan Kris Jésus.

29Epi si nou apatyen a Kris, nou se desandan a Abraham, eritye selon Wo 9:8pwomès la.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help