1Epi nan I Kor 3:9travay ansanm avèk Li menm, nou osi ankouraje ou pou nou pa resevwa lagras Bondye a anven.
2Paske Li di:
És 49:8 “Nan tan akseptab la Mwen te koute nou,
e nan jou sali a Mwen te ede nou”.
Gade byen, koulye a se “tan akseptab la”. Gade byen, koulye a se “jou sali a”.
3Konsa,I Kor 8:9,13Nou p ap bay kòz pou ofans nan anyen, pou ministè a pa vin pèdi valè li.
4Men nan tout bagay pou n ap rekòmande tèt nou kòm sèvitè a Bondye: nanTrav 9:16anpil andirans, nan afliksyon, difikilte, ak detrès
5nan Trav 16:23pran kou, nan pran prizon, nan twoub, nan travay di, nan san dòmi I Kor 4:11nan grangou
6nan lavi dwat, nan konesans, nan pasyans, nan bonte, nan I Kor 2:4Lespri Sen an, nan vrè lanmou an
7nan pawòl verite a, nan I Kor 2:5pwisans Bondye a; ak II Kor 10:4zam ladwati pou men dwat ak men goch yo,
8pa laglwa ak I Kwo 4:10wont, pa move rapò ak bon rapò, gade kòm mantè yo, malgre sa nan verite a;
9kòm enkoni malgre byen koni, kòm moun k ap mouri men gade, nou byen II Kor 1:8,10vivan; kon sila ke y ap pini, men poko mete a lanmò,
10kòm Jn 16:22plen ak tristès men toujou ap rejwi, kòm II Kor 8:9pòv, men ap fè anpil moun rich, kòm yon moun ki pa genyen anyen men ki posede tout bagay.
11 Éz 33:22 Bouch nou pale avèk libète ak nou menm, o Korentyen yo. Kè nou ouvri byen laj.
12Nou pa anpeche nou, men II Kor 7:2ou anpeche nan pwòp afeksyon pa w.
13Koulye a, I Kor 4:14nan yon echanj konsa—-m ap pale kòmsi se ak timoun mwen yo—-ouvri kè nou laj pou nou tou.
14Pa mare ansanm avèk enkwayan yo; paske Ef 5:7-11ki relasyon ki gen antre ladwati ak inikite, oswa ki rapò ki genyen antre limyè ak tenèb?
15Oubyen ki I Kor 10:21amitye Kris gen avèk Bélial, oswa kisa yon kwayan gen an komen avèk yon enkwayan?
16Oswa, ki akò tanp Bondye a gen avèk zidòl yo? Paske nou se tanp a Bondye vivan an. Jan Bondye te di a: Egz 29:45“Mwen va viv nan yo e mache pami yo. Mwen va Bondye pa yo e yo va pèp Mwen.”
17És 52:11Konsa,
“‘Soti nan mitan yo,
e separe de yo’, di Senyè a.
‘Pa touche sa ki enpi.
Mwen va akeyi nou.
18 II Sam 7:14 Mwen va yon Papa pou nou,
e nou va fis ak fi pou Mwen,’
di Senyè Tou Pwisan an.”
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.