1Koulye a konsènan Trav 24:17ofrann pou sen yo; jan mwen te dirije legliz Galatie yo, konsa mwen fè nou konnen tou.
2Nan premye jou nan semèn nan, ke nou chak mete sou kote e sere, selon jan li te byen reyisi, pou okenn II Kor 9:4ofrann pa fèt lè m vini.
3Konsa, lè m rive II Kor 3:1nenpòt moun ke nou ta kab chwazi, mwen va voye yo avèk lèt pou pote kado nou an Jérusalem;
4epi si li nesesè pou m ale tou, yo va ale avè m.
5Men mwen va vini a nou menm apre mwen pase Macédoine, paske Trav 19:21m ap pase Macédoine.
6Petèt mwen va rete avèk nou, oswa menm pase sezon livè a, pou nou kapab Trav 15:3voye m ale nenpòt kote ke m ta kab ale.
7Paske mwen pa vle wè nou koulye a II Kor 1:15sèlman an pasan; paske mwen espere rete avèk nou pou kèk tan si Dye vle.
8Men mwen va rete Trav 18:19Éphèse jiska fèt pannkot la;
9Paske yon Trav 14:27pòt byen laj e efikas vin louvri a mwen menm, e gen anpil advèsè.
10Alò, si I Kor 4:17Timothée vini, fè si ke li avèk nou san koz pou pè; paske l ap fè I Kor 15:58travay a Bondye a, menm jan mwen ap fè l la.
11Donk, pa kite pèsòn meprize li. Men voye l al fè wout li Trav 15:33anpè, pou li kapab vin jwenn mwen; paske m ap tann li avèk frè yo.
12Men konsènan Trav 18:24Apollos, frè nou an, mwen te ankouraje li anpil pou li vin jwenn nou avèk frè yo. Li pa t vle vini koulye a, men li va vini lè li gen opòtinite.
13Mat 24:42Rete vijilan, kanpe fèm nan lafwa, pran kouraj, mete nou dyanm.
14Ke tout sa ke nou fè, fèt I Kor 14:1ak lanmou.
15Alò, mwen ankouraje nou, frè m yo (nou konnen I Kor 1:16lakay Stéphanas, ke yo te premye fwi nan Achaïe e ke yo te bay tèt yo pou Wo 15:31ministè a sen yo).
16Pou I Tes 5:12nou osi vin soumèt a kalite moun sa yo e a tout moun ki ede nan zèv ak travay la.
17Mwen rejwi de rive a Stéphanas ak Fortunatus ak Achaïcus paske yo te founi II Kor 11:9sa ki te manke nan pati a nou menm.
18Paske yo te renouvle lespri mwen ak lespri pa nou osi. Donk Fil 2:29se pou nou rekonèt moun tankou sa yo.
19Legliz Asie yo salye nou. Trav 18:2Aquilas avèk Priscille salye nou avèk tout kè yo nan Senyè a, avèk Wo 16:5legliz ki lakay yo a.
20Tout frè yo salye nou. Wo 16:16Salye youn lòt avèk yon bo ki sen.
21Salitasyon de Wo 16:22pwòp men pa m——Paul.
22Si yon moun pa renmen Senyè a, li dwe modi. Maranata (Jésus ap vini). Fil 4:5Vin non, Senyè nou an!
23Wo 16:20Ke gras Senyè a Jésus avèk nou.
24Ke lanmou mwen avèk nou tout nan Jésus Kri. Amen.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.