I Korentyen Yo 13 - Haitian Bible

1Si mwen pale avèk I Kor 12:10lang a lèzòm ak zanj yo, men mwen pa gen lanmou, mwen tankou yon klòch k ap fè gwo bwi oubyen yon Sòm 150:5senbal k ap sone.

2Si m gen don pwofesi, e konnen tout I Kor 12:10,28,30; I Kor 13:2mistè ak tout konesans; epi si mwen gen tout lafwa, kòmsi pou m ta kapab deplase mòn yo, men mwen pa gen lanmou, mwen pa anyen.

3Si mwen Mat 6:2bay tout sa ke m posede pou bay manje a pòv yo, e si mwen Dan 3:28livre kò m pou brile, men mwen pa gen lanmou, sa p ap rapòte m anyen.

4Lanmou Pwov 10:12pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan.

5Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè II Kor 5:19pa teni kont de mal li resevwa.

6Li pa rejwi nan lenjistis, men II Jn 4rejwi nan verite a.

7Li I Kor 9:12sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.

8Lanmou pa janm disparèt. Si gen don I Kor 13:2pwofesi, y ap vin disparèt. Si gen don I Kor 13:1lang, yo va fini. Si gen konesans, li va anile.

9Paske nou I Kor 8:2konnen yon ti pati e nou pwofetize yon ti pati;

10men lè sa ki pafè a vini, sa ki poko konplè a va disparèt.

11Lè m te timoun, mwen te konn pale tankou yon timoun, panse tankou yon timoun, rezone tankou yon timoun. Lè m te vin gran, mwen te kite bagay timoun yo.

12Paske koulye a nou wè twoub, konsi nan yon glas, men answit nou va wè Jen 32:30fasafas. Koulye a m konnen yon ti pati, men answit, mwen va konnen tout bagay menm jan ke Bondye konnen tout bagay de mwen an.

13Men koulye a, lafwa, lesperans, ak lanmou; rete twa bagay sa yo. Men pi gran nan bagay sa yo, se Gal 5:6lanmou.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help