I Korentyen Yo 8 - Haitian Bible

1Alò, konsènan Trav 15:20bagay ki te bay kon sakrifis a zidòl yo, nou konnen ke nou tout gen konesans. Konesans fè moun awogan, men lanmou Wo 14:19bay bon konprann.

2I Kor 3:18Si yon moun sipoze ke li konnen yon bagay, li poko I Kor 13:8konnen jan li dwe konnen an.

3Men si yon moun renmen Bondye, Sòm 1:6Bondye konnen li.

4Konsa, konsènan manje bagay ki te ofri kon sakrifis a zidòl yo, nou konnen ke pa gen anyen vrèman kon zidòl nan mond lan, e ke Det 4:35,39pa gen okenn Dye sof ke yon sèl, Bondye.

5Paske, menmsi II Tes 2:4genyen sa ke yo rele dye yo, swa nan syèl la oubyen sou tè a, kòm anverite gen anpil dye ak anpil senyè,

6malgre sa, nou pa gen sof ke yon Bondye Mal 2:10Papa a. Wo 11:36De Li menm tout bagay sòti, e nou pou Li, e yon Senyè, Jésus Kris. Pa Li menm tout bagay ye, e nou egziste pa Li.

7Sepandan, se pa tout moun ki gen konesans sa a. Men Wo 14:4,22kèk moun, ki abitye avèk zidòl jiska prezan, manje manje kòmsi li te sakrifye a yon zidòl, e konsyans fèb pa yo a vin souye.

8Men se paWo 14:17manje k ap rekòmande nou a Bondye. Nou p ap ni pi mal si nou pa manje, ni pi bon si nou manje.

9Men Wo 14:13,21fè atansyon ke libète sa a pa vini, nan yon jan o yon lòt, yon wòch pou fè sila ki fèb yo chite.

10Paske si yon moun wè ou menm, ki gen konesans, k ap manje nan yon tanp zidòl, si konsyans li fèb, l ap ankouraje manje Trav 15:20bagay ki sakrifye a zidòl yo?

11Alò, akoz konesans pa ou, sila ki fèb Wo 14:15,20vin pèdi, frè pou sila Kris la te mouri an.

12Mat 18:6Konsa, nan peche kont frè nou yo k ap blese konsyans a sila ki fèb yo, nou peche kont Kris la.

13Pou sa a, Wo 14:21si manje koze frè mwen an chite, mwen p ap janm manje vyann ankò, pou mwen pa koze frè mwen an chite.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help