1Chak moun dwe Tit 3:1obeyisan ak otorite gouvènman yo. Paske pa gen otorite sof ke li sòti nan Bondye, e sila ki egziste yo etabli pa Bondye.
2Konsa, nenpòt moun ki reziste a otorite, opoze a òdonans Bondye a. E sila ki opoze yo va resevwa kondanasyon sou pwòp tèt yo.
3Paske I Pi 2:14sila yo ki nan otorite p ap koz laperèz pou sila ki gen bon kondwit yo, men pou sila ki fè mal yo. Èske nou vle pa gen laperèz pou otorite? Fè sa ki bon e yo va bannou lwanj.
4Paske li menm se sèvitè Bondye anvè nou menm pou sa ki bon. Men si nou fè sa ki mal, fòk nou pè; paske li pa pote nepe pou granmesi. Paske li se yon sèvitè Bondye, yon I Tes 4:6vanjè k ap pote kòlè sou sila ki pratike mechanste yo.
5Konsa, li nesesè pou nou soumèt nou. Sa pa fèt sèlman akoz krent lakòlè a, men osi Ekl 8akoz bon konsyans pa nou.
6Se pou sa tou ke nou toujou peye taks leta a; paske sila k ap gouvène yo se sèvitè Bondye ki te plase espre pou sèvis sa a.
7Mat 22:21Bay yo tout sa ke nou dwe yo; taks a sila nou dwe taks yo, enpo a sila nou dwe enpo yo, lakrent a sila ke nou dwe krent yo, onè a sila ke nou dwe onè yo.
8Pa dwe anyen a pèsòn, eksepte renmen youn lòt; paske sila ki renmen vwazen li, akonpli lalwa a.
9Konsa Egz 20:13“Pa fè adiltè, Pa touye moun, Pa vòlè, pa gen lanvi pou sa ki nan lòt”, epi si gen lòt kòmandman, li ranpli nan pawòl sa a: Lev 19:18“Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou.”
10Lanmou pa janm fè mal a yon vwazen, konsa Mat 7:12lanmou toujou akonpli lalwa a.
11Fè sa, paske nou konnen lè a. Lè a rive pou nou Mc 13:37leve nan dòmi, paske delivrans nou pi prè pase lè nou te kwè a.
12Nwit lan prèske fini; jounen an prè. Konsa, annou mete sou kote tout Ef 5:11zèv tenèb yo, e abiye nou ak Ef 6:11,13pwotèj limyè a.
13Annou I Tes 4:12gen bon kondwit tankou nan lajounen. Pa antre nan banbòch ak eksè bwè, ni nan tout zak imoral, sansyèl, goumen, ak jalouzi.
14Men Job 29:14abiye nou ak Senyè Jésus Kri a e pa fè pwovizyon pou lachè ak tout dezi li yo.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.