Women Yo 10 - Haitian Bible

1Frè m yo, dezi kè m ak lapriyè m a Bondye se pou tout Jwif yo kapab sove.

2Paske mwen temwaye de yo ke yo Trav 21:20gen yon zèl pou Bondye, men pa selon bon konprann yo.

3Paske san konesans de Wo 1:17ladwati Bondye a, yo te eseye etabli ladwati pa yo, e yo pa t soumèt yo menm a jistis Bondye a.

4Paske Wo 7:1-4Kris fè lalwa a ranpli pou ladwati de tout sila ki kwè yo.

5Moïse te ekri ke moun Lev 18:5ki pratike ladwati ki baze sou Lalwa a ap viv pa jistis sila a.

6Men Wo 9:30ladwati ki baze sou lafwa a, pale konsa: Det 30:12“Pa di nan kè ou ‘Kilès k ap monte nan syèl la?’ (Sa vle di pou fè Kris desann)

7Oubyen: ‘Kilès k ap desann nan labim nan’ (sa vle di pou Eb 13:20mennen Kris sòti nan lanmò).”

8Men kisa sa di? Det 30:14“Pawòl la toupre ou nan bouch ou, ak nan kè ou.” Sa vle di pawòl lafwa ke n ap preche a,

9ke si ou konfese avèk bouch ou Jésus kòm Senyè, e kwè nan kè ou ke Trav 2:24Bondye te resisite L, soti nan lanmò, ou va sove.

10Paske avèk kè yon moun kwè ki fè l rive nan ladwati a, e avèk bouch li konfese ki fè l va sove.

11Paske Ekriti Sen an di: És 28:16“Nenpòt moun ki kwè nan Li p ap desi.”

12Paske Wo 3:22,29pa gen distenksyon antre Jwif ak Grèk; paske menm Senyè a se Senyè a tout moun, e Li plen richès pou tout sila ki rele Li yo.

13Konsa, Jl 2:32“Nenpòt moun ki rele Non Senyè a ap sove.”

14Konsa kòman yo va rele Li si yo pa janm kwè? Kòman yo va kwè nan Li Ef 2:17si yo pa janm tande? Epi kòman yo va tande san Trav 8:31yon predikatè?

15Kòman yo va preche yo si yo pa voye ba yo? Jis jan sa ekri a:

És 52:7 “A la bèl pye a sila ki pote bòn nouvèl

a bon bagay bèl yo!”

16Sepandan, se pa tout moun ki te aksepte bòn nouvèl la; Ésaïe di: És 53:1“Senyè, kilès ki kwè rapò nou an?”

17Konsa lafwa soti nan Gal 3:2,5tande, e tande pa Kol 3:16pawòl a Kris la.

18Men mwen di: “Byensi, yo pa janm tande; se pa sa?” Anfèt yo tande:

Sòm 19:4 “Vwa pa yo ale sou tout latè e pawòl pa yo rive jis nan dènye pwent mond lan.”

Epi pawòl yo rive nan tout pwent latè a.

19Men mwen di: “Byensi Israël pa t konnen; se pa sa?” Dabò, Moïse di:

Det 32:21 “M ap fè nou jalou pou sa ki pa yon nasyon;

avèk yon nasyon san konprann, m ap fè nou fache.”

20Ésaïe, ak kouraj te di: És 65:1“Mwen te twouve pa sila ki pa t chache M yo;

Mwen te vin parèt a sila ki pa t mande pou mwen yo.”

21Men selon Israël Li di: “Mwen lonje men m tout lajounen bay yon pèp tèt di e dezobeyisan.”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help