Women Yo 6 - Haitian Bible

1Konsa, Kisa nou kapab di? Èske n ap Wo 3:8kontinye nan peche pou lagras kapab vin plis?

2Ke sa pa janm fèt! Kijan nou menm ki te mouri a peche nou kapab kontinye viv nan li?

3Oubyen èske nou pa konnen ke nou tout ki batize nan Trav 2:38Kris Jésus a, gen tan batize nan lanmò li?

4Konsa, nou gen tan Kol 2:12antere avèk Li pa batèm nan lanmò Li a, pouke menm jan Kris te leve soti vivan nan lanmò a pa laglwa a Papa a, nou osi kapab mache nan nouvèl vi a.

5Paske II Kor 2:10si nou vin sanble avèk Li nan lanmò Li, n ap vin sanble avèk Li nan rezirèksyon Li tou.

6Byen rekonesan ke Ef 4:22ansyen moun nou an te krisifye avèk Li, pouke kò peche nou an ta kapab vin disparèt pou nou kab pa esklav a peche ankò.

7Paske sila ki gen tan mouri an, libere de peche.

8Alò Wo 6:4si nou gen tan mouri avèk Kris, nou kwè osi ke n ap viv avèk Li.

9Paske nou konnen ke Kris ki te Trav 2:24leve soti nan lanmò a, p ap janm mouri ankò. Lanmò pa mèt Li ankò.

10Paske lanmò ke Li te mouri an, Li te mouri anvè peche, yon fwa pou tout, men vi ke L ap viv la, L ap viv pou Bondye.

11Menm jan konsidere nou menm kòm Wo 6:2mò ak peche, men vivan anvè Bondye nan Jésus Kri.

12Konsa, pa kite peche Wo 6:14reye nan kò mòtèl nou an, pou nou ta obeyi tout mal dezi li yo.

13Pa kontinye ofri manm kò nou a peche kòm enstriman a lenjistis, men Wo 12:1prezante nou menm a Bondye kòm moun ki deja vivan soti nan lanmò, e manm kò nou a Bondye kòm enstriman ladwati.

14Paske Wo 8:6peche pa dwe mèt nou, paske Wo 7:4nou pa anba Lalwa, men anba gras.

15Kisa Ankò? Wo 6:1Èske n ap fè peche paske nou pa anba Lalwa, men anba gras? Ke sa pa janm fèt!

16Èske nou pa konnen ke lè nou livre tèt nou a yon moun kòm Jn 8:34esklav obeyisan, nou vin esklav a sila ke nou obeyi a; swa a peche ki bay kòm rezilta lanmò, oubyen a obeyisans ki bay kòm rezilta ladwati?

17Men mèsi Bondye, malgre nou te esklav a peche, nou te vin obeyisan nan kè nou a II Tim 1:13menm doktrin ke nou te resevwa a.

18Epi lè nou te Jn 8:32libere de peche, nou te vin esklav a ladwati.

19M ap pale nan tèm a moun, akoz feblès lachè nou. Paske menm jan avan Wo 6:13ke nou te konn prezante manm kò nou kòm esklav a salte ak linikite, ki te bay kòm rezilta, plis linikite toujou, koulye a prezante yo kòm esklav a ladwati ki bay kòm rezilta, sanktifikasyon.

20Paske Mat 6:24lè nou te esklav de peche a, nou te lib de sa ki konsène ladwati.

21Donk Ki Jr 12:13benefis nou te twouve konsa ki soti nan bagay yo ki fè nou wont koulye a? Paske sa ki soti nan bagay sa yo se lanmò.

22Men koulye a ke nou gen tan Jn 8:32fin lib de peche, e vin esklav a Bondye, nou twouve benefis nou ki bay kòm benefis sanktifikasyon, e kòm rezilta, lavi etènèl.

23Paske salè a Wo 6:16peche se lanmò, men kado gratis Bondye a, se lavi etènèl nan Jésus Kri, Senyè nou an.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help