1
15“Konsa, mwen te reponn: ‘Ki moun Ou ye, Senyè?’
“E Senyè a te di: ‘Mwen se Jésus ke w ap pèsekite a.
16Men leve kanpe sou pye ou. Se pou rezon sa ke m te parèt kote ou; pou
19“Konsa, Wa Agrippa, mwen pa t dezobeyisan a vizyon selès la,
20men mwen te kontinye deklare Trav 9:19premyèman a moun Damas yo, e osi ak moun Jérusalem yo, e answit moun tout rejyon Judée a, e menm ak pèp etranje yo, pou yo ta dwe repanti, vire vè Bondye, e fè zèv ki apatyen ak repantans lan.
21“Pou rezon sa a, kèk Jwif te Trav 21:27sezi mwen nan tanp lan e te eseye mete m a lanmò.
22Alò, avèk èd Bondye ke m te twouve, mwen kanpe jiska jou sa a pou temwaye a piti kòm gran, pou pa pale anyen men sa ke Trav 10:43pwofèt yo ak Moïse te di ki t ap pral rive yo.
23Ke Kris la te gen pou soufri, e akoz I Kwo 15:20,23rezirèksyon Li soti nan lanmò a, Li ta devni premye pou pwoklame limyè a, ni a pèp Jwif la, ni a pèp etranje yo.”
24Pandan Paul t ap di sa nan defans li, Festus te di ak yon gwo vwa: “Paul, tèt ou fin pati! Jn 7:15Gran konesans ou fè ou vin fou.”
25Men Paul te reponn li: “Mwen pa pèdi tèt mwen Trav 23:26trè ekselan Festus, men mwen pale pawòl ak verite byen rezonen.
26Paske Wa a okuran de Trav 26:3tout bagay sila yo, e mwen pale ak li osi avèk konfyans, akoz ke m konvenk ke anyen nan bagay sila yo pa kapab chape anba atansyon li, akoz ke nanpwen anyen ki fèt nan yon kwen.
27Wa Agrippa, èske ou kwè nan pwofèt yo? Mwen konnen ke ou kwè.”
28Agrippa te reponn a Paul: “Ak yon ti bourade konsa, ou vlè pèswade m pou devni yon Trav 11:26Kretyen?”
29Paul te reponn: “Mwen ta vle devan Bondye, ke menm si se ak piti, oswa ak gran, ke non sèlman ou menm, men tout sila ki koute mwen nan jou sa a, ta kapab vini menm jan ke mwen ye a, sof pou Trav 21:33chèn sila yo.”
30 Trav 25:23 Wa a te leve avèk gouvènè a, ak Bérnéice, ak sila ki te chita avèk yo.
31Epi lè yo te ale akote, yo te kòmanse pale youn ak lòt. Yo t ap di: Trav 23:29“Mesye sila a p ap fè anyen ki merite lanmò oubyen prizon.”
32Epi Agrippa te di a Festus: “Mesye sa a ta gen dwa Trav 28:18libere si li pa t fè apèl a César.”
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.