1Paul te gade konsèy la avèk atansyon, e te di: “Frè yo
12Lè jounen an te rive Trav 9:23Jwif yo te fòme yon konplo. Yo te vin mare ansanm anba yon sèman, pou yo pa ta ni manje, ni bwè jiskaske yo te touye Paul.
13Te gen plis ke karant moun ki te fòme konplo sila a.
14Yo te vini a chèf prèt ak ansyen yo, e te di: “Nou vin Trav 23:12,21mare ansanm anba yon sèman serye e konplè pou pa goute anyen jiskaske nou touye Paul.
15Alò, konsa, ou menm avèk Trav 22:30konsèy la avèti kòmandan an pou l mennen l desann kote nou, kòmsi nou t ap pral detèmine ka li a pi pre. E pou pati pa nou, nou prè pou touye l avan li rive pre kote a.”
16Men fis a sè Paul la te tande afè konplo sila a, e li te vin antre Trav 21:34kazèn nan pou te enfòme Paul.
17Konsa, Paul te rele youn nan santenye kote l yo e te di li: “Mennen jennonm sila a kote kòmandan an paske li gen yon rapò pou bay li.”
18Alò li te pran li, e te mennen li bay kòmandan an e te di l: “Paul Ef 3:1prizonye a te rele mwen vè jennonm sila a pou vin kote w akoz li gen yon bagay pou di w.”
19Kòmandan an te pran l pa lamen, e te rale l akote pou mande l an prive: “Kisa ou gen kòm rapò pou ban mwen an?”
20Li te di: “Jwif yo gen tan fin dakò pou mande ou mennen Paul devan Trav 22:30konsèy la demen, kòmsi yo t ap pral mande plis enfòmasyon sou li menm.
21Pa kwè yo, paske Trav 23:12,14plis ke karant nan yo ap tann pou atake l. Yo gen tan mare yo menm anba yon sèman pou yo pa ni manje ni bwè jiskaske yo touye l; koulye a y ap tann ou vin bay pèmisyon.”
22Kòmandan an te kite jennonm nan ale. Li te di l: “Pa di pèsòn ke ou pale bagay sa yo avè m.”
23Konsa, li te rele de nan santenye yo. Li te di yo: “Ale fè de-san sòlda prè pou twazyèm lè nwit lan, pou pati pou Trav 8:40Césarée, avèk swasann-dis chevalye, ak de-san sòlda ak lans.”
24Yo te gen osi pou prepare cheval pou mete Paul, pou fè l rive sof kote Trav 23:26,33Félix gouvènè a.
25Epi li te ekri yon lèt nan fòm sila a:
26Claude Lysias, a Luc 1:3trè ekselan Gouvènè Félix; Salitasyon.
27“Lè mesye sa a te arete pa Jwif yo, e te prèt pou l te touye pa yo, mwen Trav 21:32te vini sou yo avèk sòlda yo pou sekouri l, akoz ke m Trav 22:25-29te vin konprann ke li te yon sitwayen Women.
28Epi akoz ke mwen te Trav 22:30vle konprann chaj ke yo te pote kont li an, mwen te fè l rive devan Konsèy pa yo a.
29Konsa, mwen te vin twouve ke li te akize sou kesyon konsènan pwòp lwa pa yo, men pa anba Trav 23:9okenn akizasyon ki te merite lanmò oubyen prizon.
30“Lè m te Trav 23:20enfòme ke ta gen yon konplo kont li, mwen te voye li kote ou sibitman, e osi te enstwi akizatè li yo pou mennen chaj kont li yo devan ou.”
31Konsa, sòlda yo selon lòd pa yo, te pran Paul pou mennen l nan nwit lan devan Antipatris.
32Men nan pwochen jou a yo te Trav 23:23kite chevalye yo ale avè l, e yo te retounen nan Kazèn nan.
33Lè sa yo te rive Césarée e te livre lèt la bay Trav 23:24,26Gouvènè a, yo te prezante Paul devan l.
34Lè li te fin li l, li te mande nan ki Trav 25:1pwovens li te sòti, e lè li te vin aprann ke Trav 21:39se te Cilicie,
35li te di: “Mwen va bay ou yon odyans apre Trav 23:30akizatè ou yo vin rive tou.” Konsa, li te bay lòd pou yo ta kenbe l nan Pretwa Hérode la.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.