Travay 4 - Haitian Bible

1Pandan yo t ap pale ak pèp la, prèt avèk kaptenn gad tanp lan avèk Mc 12:18Sadiseyen yo te rive kote yo.

2Yo te byen deranje paske yo t ap enstwi pèp la e t ap pwoklame Trav 3:15nan non Jésus rezirèksyon a lanmò yo.

3Yo te mete men sou yo, e te Trav 5:18mete yo nan prizon pou jis rive nan demen, paske li te gen tan fènwa.

4Men anpil nan sila yo ki te tande mesaj la te kwè, e Trav 2:41fòs kantite moun ki te kwè yo te vini toupre senk-mil.

5Nan landemen, Luc 23:13chèf yo, avèk ansyen ak skrib yo te reyini ansanm nan Jérusalem.

6Luc 3:2Anne, wo prèt la te la, avèk Caïphe, Jean, Alexandre, ak tout sila ki te desandan wo prèt yo.

7Lè yo te kanpe yo nan mitan yo, yo te kòmanse mande yo: “Pa ki pouvwa, oswa nan ki non nou te fè sa a?”

8Alò, Pierre Trav 2:4ranpli avèk Lespri Sen an, te di yo: “Chèf ak ansyen a pèp la,

9Si nou parèt devan tribinal jodi a pou Trav 3:7benefis ki fèt a yon moun malad, kòmsi, kijan nonm sa a te fè geri,

10kite li byen konnen pami nou tout, ak tout Israël, ke Trav 2:22pa non a Jésus Kri, Nazareyen ke nou te krisifye a, ke Bondye te fè leve soti nan lanmò a, pa non de sila a menm, mesye sa a a kanpe devan nou an bòn sante.

11‘Se Li menm ki Sòm 118:22wòch ki te rejte pa nou menm ki t ap bati yo, men ki vin fè wòch ang prensipal la.’

12“Konsa, pa gen sali nan Mat 1:21okenn lòt. Paske nanpwen lòt non anba syèl la ki bay pami lòm pa kilès nou dwe sove.”

13Alò, lè yo te wè Trav 4:31konfyans a Pierre avèk Jean, e te konprann ke yo pa t gen anpil edikasyon ni enstriksyon, yo te etone. Yo Jn 7:15te rekonèt yo kon moun ki te avèk Jésus yo.

14Epi lè yo te wè mesye ki te geri a te kanpe la avèk yo, yo pa t gen repons pou bay.

15Men lè yo fin mande yo Mat 5:22kite konsèy la, yo te fè konferans ansanm.

16Yo te di: “Alò Jn 11:47kisa pou nou fè avèk mesye sa yo? Paske li byen klè a tout sila ki rete Jérusalem yo ke Trav 3:7-10yon mirak byen enpòtan te fèt pa yo, e nou pa kapab di ke se pa vrè.

17“Men pou sa pa rive pi lwen pami pèp la, annou avèti yo pou yo pa pale ankò a okenn moun Jn 15:21nan non sila a.”

18Yo te rele yo, e te Trav 5:28kòmande yo pou yo pa pale ni enstwi menm nan non Jésus a.

19Men Pierre avèk Jean te reponn yo e te di: Trav 5:28“Si li bon devan Bondye pou obeyi a nou menm olye a Bondye, nou mèt jije.

20Paske I Kwo 9:16nou menm, nou pa kapab sispann pale sa ke nou te wè ak tande.”

21Konsa, lè yo te fin menase yo anplis, yo te lage yo, paske yo pa t kapab twouve baz pou pini yo, e Trav 5:26akoz perèz a pèp la, paske yo tout t ap Mat 9:8bay Bondye glwa pou sa ki te rive a.

22Paske mesye a ki te resevwa mirak sila a, te gen plis ke karant ane.

23Lè yo te fin lage yo, yo te ale bò kote moun pa yo, e te rapòte a tout moun sa ke chèf prèt yo avèk ansyen yo te di yo.

24Lè yo te tande sa, yo te leve vwa yo a Bondye ansanm, e te di: “O Bondye, se te Ou menm ki te Egz 20:11fè syèl la ak tè a, lanmè, ak tout sa ki ladann,

25ki Trav 1:16pa Lespri Sen an, selon bouch a Zansèt nou David te di:

Sòm 2:1 ‘Poukisa nasyon yo anraje konsa;

e poukisa pèp yo anvizaje yon bagay anven?

26 Sòm 2:2 Wa sou latè yo ap pran pòz yo

e gwo chèf yo ap mete tèt yo ansanm kont Senyè a

ak kont Kris Li a.’

27“Paske vrèman, nan vil sa a, yo te rasanble ansanm kont Trav 3:13sèvitè sen Ou an, Jésus, ke ou menm te onksyone a; Hérode ak Ponce Pilate ansanm avèk nasyon payen yo ak pèp Israël la,

28pou fè nenpòt bagay ke men Ou ak Trav 2:23volonte Ou te deja planifye, pou fèt.

29E koulye a, Senyè, byen gade menas ke yo fè, e kite sèvitè ki mare ak Ou yo Fil 1:14pale pawòl Ou avèk tout konfyans,

30pandan W ap lonje men Ou pou fè gerizon Jn 4:48sign ak mirak yo k ap fèt nan non a sèvitè Sen Ou an, Jésus.”

31Lè yo te fin priye, plas kote yo te reyini an te vin souke. Yo tout te Trav 2:4ranpli avèk Lespri Sen an, e yo te Fil 1:14pale pawòl Bondye a avèk kouraj.

32Tout nan gran foul a ki te kwè yo te vin yon sèl nan kè ak nanm. Pa t gen youn nan yo ki te gen byen ki te reklame pou pwòp tèt yo, men Trav 2:44tout bagay te pou tout moun.

33Trav 1:8Avèk gran pouvwa, apòt yo t ap bay temwayaj a rezirèksyon Jésus Kris la, e lagras an abondans te vini sou yo tout.

34Paske pa t gen yon moun pami yo ki te nan bezwen, pwiske sila ki te mèt tè yo oubyen kay yo Mat 19:21te vann yo e pote benefis a vant lan bay,

35pou Trav 4:37mete yo nan pye apòt yo. Konsa, yo Trav 2:45te distribiye a chak en ki te gen nenpòt bezwen.

36Joseph, yon Levit ki te ne an Trav 13:4Chypre ke yo te rele osi Barnabas, pa apòt yo, ki vle di Fis Trav 11:23Ankourajman an

37te gen yon mòso tè. Li te vann li e te pote kòb la mete l nan pye apòt yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help