Jean 19 - Haitian Bible

1Konsa, Pilate te pran Jésus epi

12Akoz sa a, Pilate te fè yon efò pou lage Li, men Jwif yo te kriye fò epi te di:

27Epi Li te di a disip la: “Men gade manman ou!” Depi lè sa, disip la te pran li pou rete Luc 18:28tankou manm lakay li.

28Apre sa Jésus, byen konnen ke tout bagay te deja acheve, pou Lekriti a ta kapab akonpli, te di: Sòm 69:21“Mwen swaf.”

29Yon bokal ranpli avèk diven si te kanpe la. Epi Mat 27:48-50yo te mete yon eponj ranpli avèk diven si a sou yon branch izòp pou te lonje l anwo vè bouch Li.

30Konsa, lè Jésus te resevwa diven si a, Li te di: “Li se fini!” Epi Li te bese tèt Li e te Mat 27:50rann lespri Li.

31Pou sa, Jwif yo, akoz ke se te Jou Preparasyon an, e ke Det 21:23kò yo pa ta dwe rete sou lakwa pandan Saba a, pwiske Saba a te yon gwo jou sen, te mande Pilate pou kase janm tout moun yo, pou yo ta kapab retire yo.

32Konsa, sòlda yo te vini e te kase janm a premye mesye a, epi lòt ki te Jn 19:18krisifye avèk li a.

33Men lè yo vini sou Jésus, yo te wè ke Li te deja mouri, epi yo pa t kase janm Li yo.

34Men youn nan sòlda yo te frennen akote Li avèk yon lans, epi imedyatman, I Jn 5:6-8san mele avèk dlo te soti.

35E sila a ki wè gen tan Jn 15:27bay temwaye, epi temwayaj li vrè. E li konnen ke l ap di laverite, pou nou tout kapab kwè.

36Paske bagay sa yo te vin pase, pou Lekriti a ta kapab akonpli Egz 12:46“Pa menm yon zo nan Li va kase.”

37E ankò yon lòt Ekriti di Za 12:10“Yo va gade sila a ke yo pèse a.”

38 Mat 27:57-61 Apre bagay sa yo, Joseph d'Arimathée, ki te yon disip a Jésus, men an sekrè akoz perèz a Jwif yo, te mande Pilate pou l kite li pran kò Jésus. E Pilate te bay li pèmisyon.

39 Jn 3:1 Nicodème ki te vini premyèman kote li nan nwit lan te vini tou. Yo t ap pote yon melanj lami avèk epis lalwa ki te peze kon pwa anviwon san liv.

40Konsa, yo te pran kò a Jésus, epi te Jn 11:44vlope l avèk Luc 24:12twal lèn avèk epis selon koutim lantèman a Jwif yo.

41Nan plas kote Li te krisifye a, te gen yon jaden, e nan jaden an yon Mat 27:60tonm nèf kote Luc 23:53pèsòn poko te poze.

42Pou sa, akoz jou Jn 19:14-31Preparasyon Jwif la, e akoz ke tonm nan te prè, yo te poze Jésus la.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help