Marc 6 - Haitian Bible

1

10Li te di yo: “Nenpòt kote nou antre nan yon kay, rete la jouk lè nou kite vil la.

11Epi nenpòt kote ki pa resevwa nou, oswa koute nou, pandan nou ap kite la,

12

Yo te reponn Li: “Ou vle nou ale depanse de-san denye nan pen pou nou bay yo manje?”

38Li te di yo: “Konbyen pen nou genyen? Al gade!” Lè yo konnen, yo di: “Senk pen ak de pwason”.

39Konsa, Li te kòmande yo pou chita pa gwoup nan zèb vèt la.

40Yo te chita pa gwoup de santèn, e pa gwoup de senkantèn.

41Li te pran senk pen yo avèk de pwason yo. Li te gade vè syèl la, e Li te Mat 14:9beni manje a. Li te kase pen yo, e Li te kontinye bay disip yo pou mete devan yo. Li te divize bay nan de pwason yo pami yo tout.

42Yo tout te manje, e yo te satisfè.

43Yo te ranmase douz Mat 14:21panyen byen plen avèk moso kase yo; e anplis, pwason.

44Te gen Mat 14:21senk-mil mesye ki te manje pen yo.

45 Mat 14:22-32 Konsa, Jésus te fè disip Li yo antre nan kannòt la pou ale devan Li lòtbò vè Bethsaïda, pandan Li menm t ap voye foul la ale.

46Lè Li fin Trav 18:18-21di yo orevwa, Li te ale nan mòn nan pou priye.

47Lè lannwit te rive, kannòt la te nan mitan lanmè a, e Jésus te atè pou kont Li.

48Lè L te wè yo t ap fè fòs sou zaviwon yo akoz van an te kont yo, nan anviwon Mat 24:43katriyèm è nan aswè, Li te vin kote yo ap mache sou lanmè a, kòmsi Li te gen entansyon ale devan pou kite yo dèyè.

49Men lè yo te wè L ap mache sou lanmè a, yo te sipoze ke Li te yon fantom e yo te kriye fò;

50pwiske yo tout te wè Li e yo te pè. Men nan moman sa a Li te pale avèk yo. Li te di yo: Mat 9:2

“Pran kouraj! Se Mwen menm! Mat 14:27

Pa pè.”

51Li te antre Mc 6:32nan kannòt la avèk yo, e van an te sispann. Yo te vrèman sezi.

52Akoz yo pa t reyisi gen okenn konprann nan afè pen yo, kè yo te di.

Mc 8:17; Wo 11:7

53Jn 6:24Lè yo te fin travèse lòtbò, yo te rive atè nan Génésareth e te mare kannòt la atè.

54Nan moman yo te kite kannòt la, pèp la te rekonèt yo.

55Konsa, pèp la te kouri toupatou nan tout peyi a, e te kòmanse pote sila ki te malad yo sou palèt nan plas kote Li te ye a.

56Nenpòt kote Li te antre nan bouk ak gran vil oswa andeyò, yo t ap vin depoze moun malad nan mache yo pou sipliye L pou yo ta kapab sèlman Mc 3:10touche Mat 9:20rebò vètman Li, akoz tout moun ki te touche l t ap vin geri.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help