Matthïeu 27 - Haitian Bible

1Alò, lè maten

12Lè Li te akize pa chèf prèt yo avèk lansyen a pèp yo,

47Epi kèk nan yo ki te kanpe la, lè yo te tande sa, yo te kòmanse di: “Nonm sa a ap rele Elie”.

48Sòm 69:21E lapoula, youn nan yo te kouri pran yon eponj. Li te ranpli li avèk vinèg si, e plase li sou yon wozo pou te bay Li pou bwè.

49Men lòt yo te di: “Annou wè si Elie ap vin sove L”.

50Konsa, Jésus Mc 15:37te kriye ankò avèk yon vwa fò, e te kite nanm Li sòti.

51 Luc 23:47-49 Epi gade, Egz 26:31vwal tanp lan te chire de bout soti anwo, rive jouk anba, epi latè te tranble, e wòch yo te vin fann.

52Konsa, tonm yo te louvri e kò anpil sen ki Trav 7:60t ap dòmi te vin leve.

53Yo te sòti nan tonm yo lè Li te fin resisite e te antre nan Mat 4:5vil sen an kote yo te parèt a anpil moun.

54 Mc 15:39 Epi santenye a ak sila ki te avèk li yo ki t ap veye Jésus yo, lè yo te wè tranbleman de tè a, ak bagay ki t ap fèt yo te vin fè pè anpil. Yo te di: “Anverite, sa se te Fis a Bondye a!”

55 Mc 15:40 Anpil fanm te la. Yo t ap gade a yon distans. Se te sila ki te swiv Jésus yo soti Galilée pandan yo t ap sèvi L.

56Pami yo, te gen Mat 28:1Marie a Magdala, Marie, manman a Jacques ak Joseph, e manman a fis Zébédée yo.

57 Mc 15:42-47 Lè li te fin fènwa, te vini yon nonm rich ki te soti Arimathée, ke yo te rele Joseph. Li menm osi, li te deja yon disip a Jésus.

58Mesye sila a te mande Pilate pou kò Jésus.

Konsa Pilate te kòmande ke li te livre bay li.

59Epi Joseph te pran kò a e te vlope li nan yon twal lèn pwòp.

60Li te mete li nan pwòp tonm nèf pa li, ki te fouye nan wòch. Li te woule yon Mat 27:66gwo wòch kont antre a, e li te kite lye a.

61Epi Marie ki te sòti Magdala te la avèk lòt Marie a, ki te chita anfas tonm lan.

62Konsa, nan jou swivan an, ki te jou apre Mat 27:56preparasyon an, chèf prèt yo avèk Farizyen yo te reyini avèk Pilate.

63Yo te di l: “Mèt, nou sonje ke lè Li te vivan an ke twonpè sila a te di: Mat 16:21

‘Apre twa jou, Mwen va leve ankò.’

64Pou sa, kòmande pou yo mete tonm nan an sekirite jiska twa jou. Otreman, disip Li yo kab vin vòlè Li e di pèp la ke Li gen tan leve nan lanmò; epi dènye desepsyon sila a ap pi mal pase premye a.”

65Pilate te di yo: “Nou genyen Mat 27:66gad la; ale mete li ansekirite jan nou konnen an.”

66Epi yo te ale mete tonm nan ansekirite. Plis ke gad la, yo te mete yon Dan 6:17so sou wòch la.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help