1Alò,
“Men vwa a youn k ap kriye nan savann nan,
Prepare chemen Bondye a!
Fè chemen Li yo dwat”!
4Alò, Jean li menm te gen II Wa 1:8yon rad fèt avèk pwal chamo avèk yon sentiwon fèt an kwi nan senti li. Li te konn manje krikèt avèk siwo myèl sovaj.
5Jérusalem avèk tout Judée Mc 1:5t ap vin kote l, avèk tout zòn ozanviwon Jourdain an.
6Yo t ap Mat 3:11batize pa li menm nan lariviyè Jourdain an pandan yo t ap konfese peche yo.
7Men lè li te wè anpil Mat 16:1Farizyen avèk Mat 22:23Sadiseyen ki t ap vini pou batèm nan, li te di yo: “Men yon bann vipè; kilès ki te di nou chape anba kòlè k ap vini an?
8Luc 3:8Pou sa, pote yon fwi ki dign de repantans lan.
9Pa sipoze ke nou kapab di pwòp tèt nou: Luc 3:8‘Nou gen Abraham kòm papa’. Paske m ap di nou ke Bondye kapab fè leve soti nan wòch sa yo, pitit Abraham yo.
10Luc 3:9Rach la tou parèt nan rasin bwa yo; konsa, tout ab ki pa pote bon fwi va koupe pou jete nan lanfè.”
11“Pou mwen menm, m ap batize nou avèk dlo pou repantans, men sila a k ap vini aprè mwen an pi fò pase m. Mwen pa menm dign pou m retire sandal Li yo. Li menm L ap batize nou avèk Mc 1:4-8Lespri Sen an, epi avèk dife.
12Fouch vannen an deja nan men Li. L ap netwaye glasi a nèt e mete tout ble yo nan depo, men L ap brile tout pay la avèk yon dife ki p ap kapab etenn.”
13 Jn 1:29-34 Nan lè sa a, Jésus te rive soti Galilée toupre larivyè Jourdain an. Li te vin kote Jean pou L ta kapab batize.
14Men Jean te eseye anpeche Li. Li te di: “Mwen bezwen batize pa Ou menm, men Ou vin kote mwen?”
15Men Jésus te reponn li. Li te di l: “Kite sa fèt nan moman sa a; paske se konsa li dwe fèt Sòm 40:7-8
pou nou kapab akonpli tout ladwati.” Konsa li te kite sa fèt.16Aprè Jésus te batize, Li te soti tou dwat nan dlo a, e lapoula syèl yo te vin louvri. Mc 1:10Li te wè Lespri Bondye a desann kon yon toutrèl e vin poze sou Li.
17Epi yon vwa ki te soti nan syèl yo te di: Sòm 2:7“Sa se Fis byeneme Mwen an, e nan Li menm, Mwen pran plezi.”
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.