1
6“Yon fis
10O ke te genyen youn nan nou pou ta És 1:13fèmen pòt yo, pou nou pa ta chofe dife pou granmèsi sou lotèl Mwen an! “Mwen pa kontan avèk nou”, pale SENYÈ Dèzame yo. “Ofrann nan k ap sòti nan men nou, Mwen p ap aksepte l nonpli.
11Paske depi solèy la leve jis rive kote li kouche a, Sòm 111:9non Mwen va És 66:18,19 gran pami nasyon yo, e tout kote, lansan ak ofrann sereyal ki san tach va vin ofri a non Mwen. Paske non Mwen va gran pami nasyon yo,” pale SENYÈ Dèzame yo.
12“Men nou ap Mal 1:7pwofane li lè nou di: ‘Tab SENYÈ a vin souye, fwi li, menm manje li vin meprizab.’
13Nou di tou: ‘Gade, a la fatigan sa fatigan!’ Nou pa vle menm pran sant li,” pale SENYÈ Dèzame yo. “Konsa, nou te pote sa ke yo te pran nan Lev 6:4 vyolans, sa ki te Mal 1:8bwate ak sa ki te malad. Konsa menm, nou pote ofrann nan! Èske se sa ke Mwen ta dwe aksepte nan men nou an?” pale SENYÈ a.
14“Men malè pou sila k ap Trav 5:1-4 twonpe a, ki gen nan bann mouton li an, yon mal, ki fè sèman pou livre li, men ki anfen, fè sakrifis bay SENYÈ a ak yon Lev 22:18-20bèt ki gen defo. Paske Mwen se yon gwo Wa,” pale SENYÈ Dèzame yo, “e non Mwen etonnan pami nasyon yo.”
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.