1Nan katriyèm ane wa Darius la, pawòl SENYÈ a te vini a Zacharie, nan katriyèm jou nevyèm mwa a, ki se Kisleu.
4Konsa, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
5“Di a tout pèp peyi a, e a prèt yo: ‘Lè nou te fè jèn ak lamantasyon nan senkyèm jou nan setyèm mwa yo, pandan Za 1:12swasann-dis ane sila yo, èske se te vrèman pou És 1:11,12 Mwen ke nou te fè jèn nan?
6Lè nou manje ak bwè, èske nou pa manje pou pwòp tèt nou, e èske nou pa bwè pou pwòp tèt nou?
7Èske se pa pawòl sila yo ke SENYÈ a te pwoklame pa ansyen pwofèt yo, lè Jérusalem te gen anpil moun, e t ap Jr 22:21; Jr 13:19 pwospere ansanm ak vil ki te antoure li yo, e lè Negev ak ti kolin yo te gen moun ki t ap viv ladan yo?’”
8Epi pawòl SENYÈ a te vin kote Zacharie. Li te di:
9“Konsa pale SENYÈ dèzame yo: Éz 18:8‘Ekzekite vrè jijman, e pratike II Sam 9:7 ladousè ak konpasyon, chak moun anvè frè li.
10Egz 22:22Pa oprime ni vèv, ni òfelen, ni etranje, ni malere. Ni Sòm 21:11 pa kite pèsòn nan nou panse mal nan kè li, youn kont lòt.’
11Men yo te Jr 5:3 refize koute sa. Yo te leve zepòl yo, e te bouche zòrèy yo pou yo pa tande.
12Yo te fè II Kwo 36:13kè yo di tankou Jr 17:1 silèks pou yo pa tande lalwa ak zèv ke SENYÈ dèzame yo te voye pa Lespri Li pa ansyen pwofèt yo. Akoz sa, chalè a gwo kòlè a te sòti nan SENYÈ dèzame yo.
13Epi menm jan Li te rele pou yo pa koute, konsa Pwov 1:24-28 yo va rele, e Mwen p ap koute, pale SENYÈ dèzame yo.
14Men Mwen va Det 4:27gaye yo ak yon van tanpèt pami tout nasyon ke yo pa t konnen yo. Se konsa peyi a te vin dezole dèyè yo pou És 60:15 pèsòn moun pa t fè ale vini ladann. Paske yo te fè bèl peyi a vin dezole nèt.”
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.