1Pawòl SENYÈ a ki te vini a Sophonie, fis a Cuschi a, fis a Guedalia, fis a Amaria, fis a Ézéchias, nan tan Josias, fis a Amon an, wa a Juda a.
2“Mwen va retire tout bagay nèt sou fas tè a”, deklare SENYÈ a.
10Nan jou sa a, deklare SENYÈ a, va gen son a yon gwo kri soti nan II Kwo 33:14Pòtay Pwason an, yon kri: “Anmwey” soti nan II Kwo 34:22 dezyèm katye a, ak yon gwo bri eklatman soti nan kolin yo.
11Rele “Anmwey!”, O nou menm k ap viv Macthesch. Paske tout pèp So 2:5 Canaran an va pe bouch yo nèt. Tout sila ki chaje avèk ajan yo va vin koupe retire nèt.
12Li va vin rive nan lè sa a ke Mwen va chache tout Jérusalem ak lanp, e mwen va pini moun ki Jr 48:11deside sou sa yo fin bwe, k ap di nan kè yo: “SENYÈ a Éz 8:12 p ap fè byen, ni Li p ap fè mal!”
13Konsa, richès yo va tounen piyaj e lakay yo va vin devaste. Wi, yo va Am 5:11 bati kay, men yo p ap rete ladan yo. Yo va plante chan rezen, men yo p ap bwè diven yo.
14Pre rive se Jr 30:7gran Éz 7:7-12 jou SENYÈ a, pre rive, e l ap pwoche byen vit. Koute vwa a, jou a SENYÈ a! Nan jou sa a, gèrye a va kriye amè.
15Jou sa a se yon jou kòlè ak chalè, yon jou És 22:5gwo twoub ak rele anmwey, yon jou destriksyon ak dezolasyon, yon jou Jl 2:2,31 tenèb ak dekourajman, youn jou nwaj yo ak gwo fènwa a.
16Yon jou És 27:13 twonpèt ak kri batay kont vil fòtifye yo, e kont gwo ranpa yo.
17Mwen va mennen Jr 10:18gwo pwoblèm sou lezòm, pou yo vin mache Det 28:29 tankou moun avèg, akoz yo te peche kont SENYÈ a. Konsa, san yo va vide tankou pousyè e chè yo kon fimye bèt.
18Ni Éz 7:19ajan yo, ni lò yo p ap kapab delivre yo nan jou jijman an, men So 3:8 tout latè va vin devore nèt pa dife jalouzi Li. Paske Li va mete yon fen, yon fen ki tèrib, a tout moun ki rete sou tè a.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.