1
5“Gade pami nasyon yo! Obsève byen! Se pou nou vin sezi e menm etone! Paske Mwen ap fè nan jou pa w yo, yon bagay ke ou pa t ap kwè, malgre ke ou ta tande l.
6Paske, gade byen, Mwen ap II Wa 24:2leve Kaldeyen yo, pèp fewòs e san kontwòl sa a, k ap mache sou tout tè a pou Jr 8:10 sezi kote ki pa pou yo.
7Yo plen tout moun ak gwo És 18:2,7laperèz, ak lakrent. Jr 39:5-9 Jistis ak otorite pa yo sòti sèl nan yo menm.
8Jr 4:13Chevalye yo pi vit ke leyopa, e pi vijilan ke So 3:3 lou lannwit. Chevalye yo vin galope. Chevalye yo sòti lwen. Yo vole tankou èg k ap plonje desann pou devore.
9Yo tout vini pou fè vyolans. Nan rega pa yo II Wa 12:17 se an avan. Yo ranmase kaptif tankou sab.
10Yo giyonnen wa yo e yo moke gouvènè yo. Yo pase tout bastyon yo nan tenten. Yo sanble ranblè tè yo e yo sezi yo.
11Tankou Jr 2:3 van yo va vole pase, pou yo ale nèt. Yo vrèman Jr 4:11koupab; yo mete fòs yo nan dye pa yo a.”
12Èske se pa nan letènite Ou sòti, O SENYÈ, Bondye mwen an, Sila Ki Sen mwen an? Nou p ap mouri. Ou menm, O SENYÈ, Ou te dezinye yo pou jijman an. Ou menm, O Woche a, Ou te etabli yo pou pinisyon.
13Zye Ou twò pafè pou gade mal, e Ou pa ka menm gade mechanste. Poukisa Ou sipòte sila ki trèt yo? Poukisa Ou rete an silans pandan mechan yo ap vale sila ki pi jis pase yo?Sòm 50:21; Sòm 35:25
14Poukisa kite yo fè lòm tankou pwason lanmè, tankou sila k ap trennen atè ki pa gen gouvènè sou yo?
15Pou Kaldeyen yo, yo Jr 16:16 rale yo fè yo tout monte ak yon zen. Yo Sòm 10:9rale pote yo ale ak pèlen, e ranmase yo ansanm nan filè pwason. Se konsa y ap rejwi e fè kè kontan.
16Tout sa, akoz yo ofri yon sakrifis a filè yo; yo brile lansan nan filè a; paske pa bagay sa yo, lavi a vin bon, e manje yo vin anpil.
17Èske se konsa yap kontinye vide filè yo, e kontinye És 14:5,6 detwi nasyon yo san mizerikòd?
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.