Michée 7 - Haitian Bible

1Malè a mwen menm!

Anverite, mwen tankou moun

k ap ranmase fwi gran sezon,

k ap rasanble retay rezen yo lè yo fin retire diven.

Pa gen grap rezen pou manje,

ni yon grenn

11Sa va yon jou pou És 54:11bati miray ou yo.

Nan jou sa a, lizyè ou yo va vin grandi.

12Sa va yon jou ke yo va És 19:23-25vin kote ou

soti Assyrie ak vil Égypte yo;

soti Égypte menm pou rive Rivyè Euphrate la,

menm soti nan lanmè,

rive nan lanmè,

nan mòn rive nan mòn.

13Malgre, latè va vin Jr 25:11dezole

akoz sila k ap viv ladann yo,

akoz fwi a zak yo.

14 Sòm 95:7 Mennen pèp Ou a ak kwòk beje Ou a,

bann mouton a eritaj Ou a,

ki rete pou kont yo, nan forè.

Kite yo manje nan mitan bon pa,

nan Basan ak Galaad, Am 9:11 tankou nan ansyen tan an.

15“Tankou nan jou lè ou te sòti nan peyi Égypte la,

Mwen va montre ou Egz 3:20 Mirak.”

16Nasyon yo És 26:11 va wè,

e yo va wont de tout pwisans yo.

Yo va Mi 3:7mete men yo sou bouch yo;

zòrèy yo va vin soud.

17Yo va niche pousyè tankou sèpan.

Tankou bagay k ap ranpe sou latè,

yo va sòti Sòm 18:45 tou ap tranble nan sitadèl souteren yo.

Yo va vin vè SENYÈ Bondye nou an, ak És 25:3gwo lakrent;

konsa, yo va pè devan Ou.

18Se kilès ki yon Bondye tankou Ou,

ki Egz 34:7,9 padone inikite,

e ki bliye zak rebèl a retay pèp eritaj li?

Li pa Sòm 103:8,9,13kenbe kòlè li pou tout tan an,

akoz Li pran plezi nan lanmou dous Li.

19Li va gen konpasyon pou nou ankò.

Jr 50:20 Li va foule inikite nou yo anba pye L.

Wi, Ou va És 38:17 jete tout peche yo nan fon lanmè.

20Ou va bay Jen 24:27verite a Jacob

ak mizerikòd a Abraham,

tankou Ou te sèmante a papa zansèt nou yo

depi nan jou ansyen yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help