1Konsa Senyè BONDYE a te montre mwen, e gade byen, te gen yon panyen fwi gran sezon.
2Li te di: “Kisa ou wè, Amos?”
Epi mwen te di: “Yon panyen fwi gran sezon.”
Konsa, SENYÈ a te di mwen:
8Akoz sa, èske peyi a p ap Sòm 18:7 pran tranble,
e tout moun ki rete ladann p ap Os 4:3 fè lamantasyon?
Anverite, tout peyi a va leve tankou Rivyè Nil la.
Li va vin ajite toupatou e bese tankou Rivyè Égypte la.
9Li va vin rive nan jou sa a”, deklare Senyè BONDYE a,
ke Mwen va fè Job 5:14solèy la desann a midi,
e mwen va És 59:9,10 fè tè a nan fènwa nan plen jounen.
10Answit, Mwen va fè fèt nou yo vin tounen dèy;
tout chan lajwa nou yo va tounen lamantasyon.
Mwen va fè nou pote És 15:2,3 twal sak sou senti a tout moun,
ak tèt chòv sou tout tèt.
Mwen va fè li Jr 6:26tankou yon moman dèy
pou yon sèl fis inik,
e lafen li tankou yon jou anmè.
11“Gade byen, jou yo ap vini,” deklare Senyè BONDYE a,
“lè Mwen va voye gwo grangou sou peyi a,
pa yon grangou pou pen oswa pou dlo,
men I Sam 3:1pou koute pawòl SENYÈ a.
12Pèp la va kilbite tou egare
sòti nan yon lanmè pou rive nan lòt lanmè,
e sòti nan nò pou rive menm nan lès;
yo va gaye toupatou pou Éz 20:3,31chache pawòl SENYÈ a,
men yo p ap jwenn li.
13Nan jou sa a, bèl tifi vyèj yo
ak jennonm yo va És 41:17 vin endispoze akoz swaf la.
14Menm jan pou sila ki sèmante pa Os 8:5 peche Samarie a,
ki di: ‘Jan dye ou a vivan an, O I Wa 12:28,29Dan!’
e ‘Jan chemen Beer-Schéba vivan an’;
yo va tonbe e yo p ap leve ankò.”
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.