1Konsa pale SENYÈ a:
“Akoz de twa transgresyon Moab yo, menm kat;
Mwen p ap retire pinisyon an,
akoz li te
6Konsa pale SENYÈ a:
“Akoz de twa transgresyon a Israël yo, menm kat,
Mwen p ap retire pinisyon an;
akoz yo te Jl 3:3vann sila ki dwat yo pou lajan,
e malere yo pou achte de grenn sapat.
7Sila yo k ap foule tèt a malere a,
jis pou l rive nan pousyè,
k ap refi bay jistis a oprimen an.
Yon gason ak papa li antre nan menm fanm nan
pou yo ka pwofane non sen Mwen an.
8Yo lonje kò yo bò kote tout lotèl,
sou vètman Egz 22:26ki te pran kon garanti yo.
Nan kay Bondye yo a, yo bwè diven nan
ki te bay pou peye amann yo.
9Malgre sa, se te Mwen menm
ki te detwi Nonb 21:23-25 Amoreyen yo devan yo,
malgre Nonb 13:32wotè yo te tankou wotè a pye palmis
e yo te gen fòs tankou bwadchenn.
Mwen te detwi ni fwi yo pa anlè, ni rasin yo pa anba.
10“Se te Mwen menm ki te mennen nou
monte soti peyi Égypte la.
E Mwen te mennen nou nan dezè a pandan Det 2:7karantan,
pou nou ta ka posede peyi Egz 3:8 Amoreyen yo.
11Mwen te Det 18:18 fè leve kèk nan fis nou yo kon pwofèt,
e kèk nan jennonm nou yo kon Nonb 6:2,3Nazareyen.
Èske se pa sa, fis Israël yo?” di SENYÈ a.
12Men, nou te fè Nazareyen yo bwè divin,
e nou te kòmande pwofèt yo. Nou te di yo:
És 30:10 “Pa pwofetize!”
13Gade byen, Mwen És 1:14va peze nou anba chaj,
kon kabwa chaje lè l plen chaj sereyal.
14 És 30:16,17 Kouri kite p ap posib, menm pou sila ki pi vit la;
Sila ki dyanm lan,
p ap ka ranfòse fòs li,
ni sila ki pwisan an,
p ap ka delivre tèt li.
15Ni sila ki Jr 51:56 fò ak banza a, p ap ka kanpe.
Sila ki rapid a pye a p ap ka delivre tèt li.
Sila ki konn monte És 31:3cheval la p ap chape.
16Menm pi brav pami gèrye yo
va Jij 4:17chape poul yo toutouni nan jou sa a”,
di SENYÈ a.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.