Daniel 12 - Haitian Bible

1“Alò, nan lè sa a, Micaël, gran prens ki te kanpe pou fis a pèp ou yo, va leve. Epi va gen Rev 7:14yon tan gwo twoub Jr 30:7 jan sa pa t janm te konn fèt soti lè te gen yon nasyon jis rive nan lè sa a. Epi nan lè sa a, pèp ou a va vin delivre, tout moun ke gen non ekri nan liv la.

2És 26:19Anpil nan sila ki dòmi nan pousyè latè yo va leve, Mat 25:46 yon pati pou lavi etènèl yo, men lòt yo pou gwo wont ak mepriz ki p ap janm fini.

3Sila ki gen bon konprann yo va Jn 5:35briye klè tankou ekla a tout syèl la. Epi sila ki És 53:11 mennen anpil moun vè ladwati yo, va brile tankou zetwal jis pou tout tan, e pou tout tan.

4Men ou menm, Daniel, kache pawòl sila yo, e És 8:16sele liv la nèt, jis rive nan fen tan yo. És 11:9 Anpil moun va kouri fè ale vini, e konesans va ogmante.”

5Epi mwen menm, Daniel te gade, e vwala, de lòt moun te kanpe, youn sou bò rivyè sa a, e lòt la sou lòtbò a.

6Konsa youn te di a mesye Éz 9:2abiye an len an, ki te sou dlo rivyè a: Dan 8:13 “Konbyen tan pou rive nan fen a bagay mèvèy sila yo?”

7Mwen te tande nonm abiye an len an, ki te sou dlo rivyè a, lè l te Éz 20:5leve men dwat li ak men goch li vè syèl la. Li te jire pa li menm ki viv pou tout tan an, ki li va pou Dan 7:25 yon tan, tan yo, ak yon mwatye tan. Lè yo fin kraze pouvwa a pèp sen an, tout evenman sila yo va fini.

8Konsa, mwen te tande, men mwen pa t ka konprann. Akoz sa, mwen te di: “Senyè mwen, kisa ki va fen a evenman sila yo?”

9Li te di: “Ale, Daniel, paske pawòl sila yo kache e sele nèt, jiska moman lafen an.

10Anpil moun va pirifye tèt yo, e fè tèt yo blan pou vin rafine, men mechan yo va aji ak mechanste. Konsa okenn nan mechan yo p ap konprann, men sila ki gen sajès yo va konprann.

11“Soti nan lè ke sakrifis nòmal la te vin aboli a Dan 9:27 abominasyon ak dezolasyon vin monte a, va genyen mil-de-san-katreven-dis (1,290) jou.

12Beni se sila ki va tann, e rive jis nan Dan 8:14 Mil-twa-san-trann-senk (1,335) jou yo.

13“Men ou menm, kontinye fè wout ou, jis rive nan fen an. Paske ou va antre nan És 57:2 repo, e ou va kanpe ankò pou pòsyon eritaj pa ou a nan fen jou yo.”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help