1Sonje, O SENYÈ, sa ki te rive nou an.
Gade pou wè Sòm 44:13-16repwòch nou.
2Eritaj nou te bay kon don a És 1:7etranje yo,
kay nou yo a moun nou pa konnen.
3Nou te devni òfelen Egz 22:24san papa.
Manman nou yo tankou vèv.
4Nou oblije achte És 3:1dlo pou nou bwè.
Bwa nou se pou vann, yo vann nou li.
5Sila k ap kouri dèyè nou yo rive sou kou nou.
Nou vin bouke nèt.
Né 9:36-37 Nanpwen repo pou nou.
6Nou te vin soumèt devan Os 9:3Egypte ak Assyrie
pou nou jwenn ase pen.
7 Jr 14:20 Papa zansèt nou yo te peche,
men yo pa la ankò;
se nou menm ki te pote inikite pa yo.
8Se Né 5:15esklav yo k ap domine sou nou;
nanpwen moun ki pou delivre nou nan men yo.
9Nou Jr 40:9-12riske lavi nou pou jwenn pen
akoz nepe nan dezè a.
10Po nou vin Job 30:30kwit tankou yon fou,
akoz gwo chalè grangou a.
11Yo te ravaje tout És 13:16fanm Sion yo;
vyèj lavil a Juda yo.
12Prens yo te pann pa men yo;
És 47:6 ansyen yo te vin pa respekte.
13Jennonm yo te Jij 16:21fòse travay devan moulen an
e timoun yo te kilbite anba gwo chaj bwa yo.
14Ansyen yo ale kite pòtay la;
jennonm yo ale kite És 24:8mizik yo.
15Jwa nan kè nou vin Jr 25:10sispann;
danse vin ranplase pa fè dèy.
16Kouwòn nan soti sou tèt nou;
És 3:9-11 malè a nou menm, paske nou te peche!
17Akoz sa, És 1:5kè nou febli;
akoz bagay sa yo, zye nou pa wè klè.
18Akoz Mi 3:12Mòn Sion ki kouche dezole nèt,
rena yo fè patwouj ladann.
19Ou menm, O SENYÈ, Ou renye jis pou tout tan;
Sòm 45:6 twòn Ou se de jenerasyon an jenerasyon.
20Poukisa Ou Sòm 13:1bliye nou jis pou tout tan?
Poukisa Ou abandone nou jis rive tout tan sa a?
21 Sòm 80:3 Restore nou a Ou menm O SENYÈ,
pou nou ka vin restore.
Fè jou nou yo vin jan yo te ye nan tan pase yo.
22Men Sòm 60:1-2Ou deja fin rejte nou nèt.
Ou rete byen fache nèt ak nou.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.