Jérémie 47 - Haitian Bible

1Sa ki te vini kon pawòl SENYÈ a de Jérémie, pwofèt la, konsènan Jr 25:20Filisten yo, avan Farawon te fin bat peyi Gaza.

2Konsa pale SENYÈ a:

“Gade byen, dlo yo ap leve soti nan És 14:31nò

e l ap vin fè yon gwo fòs inondasyon dlo k ap debòde

jis li vin kouvri latè ak tout kapasite l,

menm vil a sila ki rete ladann.

Mesye yo va kriye fò,

e tout moun ladann va rele anmwey.

3Akoz bri zago cheval li k ap kouri rèd,

zen a cha li yo, ak gwonde a wou yo,

papa yo pa p retounen pran pitit yo,

men men yo va lage nèt ak sezisman.

4Akoz jou k ap vini pou detwi tout Filisten yo,

pou koupe retire nèt de Tyr ak Sidon tout soutyen ki rete yo;

paske SENYÈ a ap detwi Filisten yo,

retay a kot Caphtor a.

5Gaza vin chòv;

Jij 1:18 Askalon te fin detwi nèt.

O retay vale yo!

Pandan konbyen de tan

nou va blese pwòp chè nou?

6“‘Ah Jij 7:20nepe SENYÈ a!

Pandan konbyen de tan

ou va refize vin kalm?

Ralanti, rantre nan fouwo a;

repoze e rete trankil.’

7“Kòman li ka kalm, lè SENYÈ a bay li lòd?

Kont Ashkalon, kont kot lanmè a;

Se la, Li te Mi 6:9ranje pou l te fèt.”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help