Jérémie 45 - Haitian Bible

1Mesaj ke Jérémie, pwofèt la, te pale a Baruc, fis a Nérija, lè l te fin ekri pawòl sila yo nan yon liv selon dikte Jérémie, nan II Wa 24:1katriyèm ane Jojakim, fis a Josias, wa Juda a, lè l te di:

2Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la a ou menm, O Baruc:

3‘Ou te di: “Ah! Malè a mwen menm! Paske SENYÈ a te mete tristès nan doulè m; mwen fatige ak plent mwen yo e mwen pa jwenn repo.’”

4“Se konsa ou dwe pale li, ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, És 5:5sa ke M te bati a, Mwen prèt pou demoli li, e sa ke M te plante a, Mwen prèt pou rache li; sa vle di, tout peyi a.”

5Men ou menm, èske w ap chache gwo bagay pou ou menm? Pa chache, paske gade byen, Mwen va mennen dezas sou tout chè,’ deklare SENYÈ a: “Men Mwen va kite ou chape ak lavi ou a, nenpòt kote ou ale.”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help