Jérémie 36 - Haitian Bible

1Nan II Wa 24:1katriyèm ane Jojakim, fis a Josias la, wa Juda a, pawòl sa a te rive a Jérémie soti nan SENYÈ a. Li te di:

2“Pran yon woulo e ekri sou li tout pawòl ke M te pale ou konsènan Jr 3:3-10Israël, konsènan Juda, e konsènan tout nasyon yo, depi nan jou ke M te premyèman pale ak ou a, depi nan jou a Josias yo, jis pou rive nan jou sa a.

3Petèt, lakay Juda va tande afè tout malè ke M gen lentansyon fè rive yo, jiskaske tout moun va detounen kite chemen mechan pa yo; epi konsa, Mwen kapab Jon 3:10padone inikite ak peche yo.”

4Konsa, Jérémie te rele Baruc, fis a Nérija a, e Baruc te ekri sou yon Jr 36:14woulo, selon dikte Jérémie, tout pawòl ke SENYÈ a te pale a li yo.

5Jérémie te kòmande Baruc. Li te di: “Mwen Jr 32:2limite. Mwen p ap ka antre lakay SENYÈ a.

6Akoz sa, ou va ale li depi nan woulo ke ou te ekri selon dikte mwen an, pawòl a SENYÈ a. Li l a pèp lakay SENYÈ a nan yon Jr 36:9jou jèn. Epi anplis, ou va li yo a tout pèp Juda a lè yo antre sòti nan vil yo.

7I Wa 8:33Petèt siplikasyon yo va vini devan SENYÈ a, e tout moun va detounen kite chemen mechan yo. Paske kòlè ak gwo mekontantman SENYÈ a pwononse kont pèp sa a, byen gran.”

8Baruc, fis a Nérija a, te fè selon tout sa ke Jérémie, pwofèt la, te kòmande li yo. Li te Jr 1:17li nan woulo pawòl a SENYÈ a, lakay SENYÈ a.

9Alò, nan senkyèm ane Jojakim lan, fis a Josias, wa a Juda a, nan nevyèm mwa a, tout pèp Jérusalem nan ak tout moun ki te antre soti nan vil Jérusalem yo, te pwoklame yon Jij 20:26jèn devan SENYÈ a.

10Epi Baruc te li nan woulo pawòl a Jérémie yo lakay SENYÈ a nan Jr 35:4chanm a Guemaria, fis Schaphan an, grefye nan tribinal anwo a, nan antre Pòtay Nèf la lakay SENYÈ a, devan tout pèp la.

11Alò, lè Jr 36:13Michée, fis a Guemaria, fis a Schaphan an, te tande tout pawòl a SENYÈ a soti nan liv la,

12Li te desann lakay wa a, nan chanm grefye a. Epi gade byen, tout ofisye yo te chita la—-Jr 36:20Élischama, grefye a, Delaja, fis a Schemaeja a, Elnathan, fis a Acbor a, Guemaria, fis a Schaphan an e Sédécias, fis a Hanania a, ak tout lòt chèf yo.

13Michée te II Wa 22:10deklare a yo menm tout pawòl ke li te tande lè Baruc te li soti nan liv a pèp la.

14Epi tout ofisye yo te voye Jehudi, fis a Nethania, fis a Schélémia, fis a Cuschi a, kote Baruc e te di: “Pran nan men ou woulo ke ou te li a pèp la e vini.”

Konsa Baruc, fis a Nethania, Jr 36:2te pran woulo a nan men l e te ale kote yo.

15Yo te di li: “Chita la, souple e li li bannou.”

Konsa, Baruc te Jr 36:21li li bay yo.

16Lè yo te tande tout pawòl yo; ak gwo perèz, yo Jr 36:24te vire youn vè lòt e yo te di a Baruc: “Anverite, nou va bay rapò tout pawòl sa yo bay wa a.”

17Epi yo te mande Baruc e te di: “Di nou, souple, Jn 9:10-26kijan ou te ekri tout pawòl sa yo? Èske se te selon dikte pa li?”

18Epi Baruc te di yo: “Li te Jr 36:4dikte tout pawòl sa yo e mwen te ekri yo ak lank nan liv la.”

19Alò, ofisye yo te di a Baruc: “Ale, I Wa 17:3 kache tèt ou, ou menm ak Jérémie e pa kite pèsòn konnen kote nou ye.”

20Pou sa, yo te ale kote Jr 36:12wa a nan lakou a, men yo te depoze woulo a nan chanm Élischama, grefye a, e yo te fè rapò tout pawòl sa yo a wa a.

21Epi wa a te voye Jehudi chache woulo a, e li te retire li nan chanm Élischama, grefye a. Epi Jehudi II Wa 22:10te li li bay wa a ansanm ak tout ofisye ki te kanpe akote wa a.

22Alò, wa a te chita nan Jij 3:20kay sezon livè a, nan nevyèm mwa a, ak dife ki t ap brile nan recho la devan l.

23Lè Jehudi te fin li twa oswa kat pòsyon, wa a te koupe li ak yon kouto e te I Wa 22:8-27jete li nan dife ki te nan recho a, jiskaske woulo a te fin manje nèt nan dife ki te nan recho a.

24Malgre sa, wa a ak tout sèvitè ki te tande pawòl sila yo Sòm 36:1pa t pè, ni yo pa t chire rad yo.

25Menmsi Elnathan, Delaja ak Guemaria te Jen 37:22-27sipliye wa a pou l pa brile woulo a, li te refize koute yo.

26Epi wa a te kòmande Jerachmeel, fis a wa a, Seraja, fis Azriel e Schélémia, fis a Abdeel, pou I Wa 19:1-14sezi Baruc, grefye a ak Jérémie, pwofèt la, men SENYÈ a te kache yo.

27Epi pawòl SENYÈ a te rive kote Jérémie lè wa a te fin Jr 36:23brile woulo pawòl ke Baruc te ekri selon dikte Jérémie a e te di:

28Jr 36:4-23“Pran ankò yon lòt woulo e ekri sou li tout menm pawòl ki te ekri sou premye woulo ke Jojakim, wa Juda a, te brile a.

29Epi konsènan Jojakim, wa Juda a, ou va di: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Ou te brile woulo sa a e ou te di: És 29:21 ‘Poukisa ou te ekri sou li ke wa Babylone nan va, anverite, vin detwi peyi sa a e va fè ni lòm ni bèt vin disparèt ladann?’”’

30‘Akoz sa’, pale SENYÈ a konsènan Jojakim wa Juda a: “Li II Wa 24:12-15p ap gen okenn moun ki pou chita sou twòn David la, e kadav li va jete deyò nan chalè lajounen ak gwo fredi lannwit.

31Anplis, Mwen va Jr 23:34pini li ak desandan li yo ak sèvitè pou inikite yo, e Mwen va mennen sou yo ak sila k ap viv Jérusalem yo, ak mesye Juda yo, tout malè ke M te deklare a yo menm yo—men yo pa t koute.”’”

32Epi Jérémie te pran yon lòt woulo. Li te bay li a Baruc, fis a Nérija a, grefye a, epi li te Egz 4:15-16ekri sou li selon dikte a Jérémie, tout pawòl a liv ke Jojakim, wa Juda a te brile nan dife a; epi anpil pawòl parèy a yo te ajoute nan yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help