Jérémie 33 - Haitian Bible

1Epi pawòl SENYÈ a te vin kote Jérémie yon dezyèm fwa, pandan li te toujou Jr 32:2-8nan prizon nan lakou gad la. Li te di:

2“Konsa pale Jr 51:19SENYÈ a ki te fè tè a, SENYÈ a ki te fòme li pou etabli li a—SENYÈ a se non Li.

3Sòm 50:15‘Rele Mwen, Mwen va reponn ou e Mwen va di ou gwo bagay pwisan ke ou pa t janm konnen.’

4Paske konsa pale SENYÈ Israël la konsènan kay nan vil sa yo, e konsènan kay a wa a Juda k ap vin kraze pou fè yon ranpa kont Jr 32:24balkon tè syèj yo e kont nepe a,

5‘pandan y ap vini pou goumen kont Kaldeyen yo e pou plen yo ak kadav moun ke M te masakre nan kòlè Mwen ak gwo kòlè Mwen yo, epi Mwen te És 8:17kache figi M kont vil sa a, akoz tout mechanste yo,

6‘gade byen, Mwen va mennen kote li lasante ak gerizon, e Mwen va geri yo. Epi Mwen va montre yo És 66:12lapè ak verite an abondans.

7Mwen va restore bonè a Juda ak bonè a Israël, e Mwen va És 1:26rebati yo jan yo te ye o kòmansman an.

8Mwen va Sòm 51:2netwaye yo de tout inikite avèk sila yo te peche kont Mwen yo. Mwen va padone tout inikite pa sila yo te peche kont Mwen yo e pa sila yo te fè transgresyon kont Mwen yo.

9Vil sa va pou Mwen yon non lajwa, lwanj ak laglwa devan Jr 3:17-19tout nasyon latè yo, ki va tande afè tout byen ke M fè pou yo. Yo va gen lakrent e tranble akoz tout byen ak tout lapè ke M fè pou li.’”

10Konsa pale SENYÈ a: “Yon fwa ankò yo va tande nan plas sa a, sou sa ou w ap di a: ‘Sa se yon Jr 32:43dezè, san moun e san bèt, sa vle di nan vil a Juda yo ak ri Jérusalem yo, ki dezole, san moun e san pèsòn ni bèt pou rete ladann,’

11vwa lajwa a ak vwa kè kontan, vwa a yon jennonm ki fenk marye e vwa a jenn fi maryaj la, vwa a sila k ap di yo: ‘Bay remèsiman a SENYÈ dèzame yo, paske SENYÈ a bon, paske lanmou dous Li dire jis pou tout tan’; k ap pote yon ofrann remèsiman antre lakay SENYÈ a. Paske Mwen va restore bonè a peyi a jan li te ye oparavan an,” pale SENYÈ a.

12Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Va ankò gen nan plas sa a ki dezè, ki Jr 32:43san moun, ni bèt e nan tout vil li yo, yon kote pou bèje k ap okipe bann mouton yo rete.

13Nan vil a peyi kolin yo, nan vil a ba plèn yo, nan vil a dezè yo, nan peyi Benjamin an, nan andwa a Jérusalem yo e nan vil a Juda yo, bann mouton yo va ankò Lev 27:32pase anba men a sila k ap konte yo a,” pale SENYÈ a.

14“Gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “Lè Mwen va És 32:1-2akonpli bon pawòl la Mwen te pale konsènan lakay Israël la ak lakay Juda a.

15“Nan jou sa yo e nan lè sa a,

Mwen va fè yon És 4:2Branch ladwati a David pete vin parèt.

Li va egzekite És 4:2lajistis ak ladwati sou tout latè.

16Nan jou sa yo, Juda va vin sove

e Jérusalem va ansekirite.

Men non pa sila li va rele a:

És 45:24-25 SENYÈ a se ladwati nou.”

17“Paske, se konsa SENYÈ a pale: ‘David II Sam 7:16p ap janm manke yon nonm pou chita sou twòn lakay Israël la.

18Konsa, Nonb 3:5-10prèt Levit yo p ap janm manke yon nonm devan Mwen, pou ofri ofrann brile, pou brile ofrann sereyal e pou prepare sakrifis yo tout tan san rete.’”

19Pawòl SENYÈ a te vin kote Jérémie e te di:

20“Konsa pale SENYÈ a: ‘Si ou ka Sòm 89:37kraze akò Mwen an pou jounen an, e akò Mwen an pou nwit lan, pou jou sa a ak nwit sa a pa rive nan lè deziye yo,

21alò, konsa sèlman,II Sam 23:5akò Mwen an kab kraze avèk David, Sèvitè Mwen an, pou li pa gen yon fis pou renye sou twòn li an e avèk prèt Levit yo, pou ministè pa m yo.

22Tankou lame syèl la pa ka konte e sab lanmè a pa ka mezire, konsa Mwen va miltipliye desandan a David yo, sèvitè Mwen an ak Levit ki sèvi Mwen yo.’”

23Epi pawòl SENYÈ a te vini a Jérémie. Li te di:

24“Pa okipe bagay pèp sa a te pale, lè yo di: És 7:17 ‘De fanmi ke SENYÈ a te chwazi yo, Li te fin rejte yo’? Konsa, yo meprize pèp Mwen an; yo pa menm ankò tankou yon nasyon nan zye yo.

25Konsa pale SENYÈ a: ‘Si Jen 8:22 akò Mwen an pou lajounen ak lannwit pa kanpe, epi aranjman ki òdone nan syèl yo pa t fèt pa Mwen menm,

26alò, sèl konsa, Mwen ta rejte desandan a Jacob yo ak David, sèvitè Mwen an e pa chwazi pami desandan li yo Jen 49:10chèf sou desandan a Abraham, Issac ak Jacob yo. Men Mwen va restore bonè pa yo, e Mwen va genyen mizerikòd pou yo.’”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help