Jérémie 30 - Haitian Bible

1Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a, ki te di:

2“Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: És 30:8 ‘Ekri tout pawòl ke M te bay ou yo nan yon liv.

3Paske gade byen, jou yo ap vini,’ deklare SENYÈ a: ‘lè Mwen va restore fòtin pèp Mwen an, Jr 3:18Israël ak Juda,’ Senyè a di. ‘Anplis, Mwen va mennen yo retounen nan peyi ke m te bay a papa zansèt yo, e yo va posede li.’”

4Alò, sila yo se pawòl ke SENYÈ a te pale konsènan Israël e konsènan Juda:

5Paske konsa pale SENYÈ a:

“Mwen te tande son a yon És 5:30gwo laperèz,

a yon gwo krent;

pa gen lapè.

6Mande koulye a pou wè si yon gason kapab fè pitit.

Poukisa Mwen wè tout gason ak men li sou ti vant yo,

Jr 4:31 konsi se fanm k ap fè pitit?

Epi poukisa tout figi yo vin pal konsa?

7Elas, paske jou sa a gran, pa gen ki parèy a li.

Li se lè a Jr 2:27-28gwo doulè Jacob la;

men li va sove de li.

8“Li va vin rive nan jou sa a, deklare SENYÈ dèzame yo:

ke Mwen va És 9:4kase jouk li a soti sou kou nou.

Mwen va chire kòd yo,

e etranje yo p ap fè yo esklav ankò.

9Men yo va sèvi SENYÈ a, Bondye pa yo a

e És 55:3-5David, wa yo a, ke Mwen va fè leve wo pou yo.

10Pa pè anyen, O Jacob, sèvitè Mwen an,” deklare SENYÈ a:

“Epi pa pèdi kouraj, O Israël;

paske gade byen, Mwen va sove ou soti lwen

e posterite ou soti nan peyi kaptivite yo.

Jacob va retounen,

Li va kalm, alèz,

e Mi 4:4nanpwen moun k ap fè l fè pè.

11Paske Mwen avèk ou, deklare SENYÈ a, pou sove ou;

paske Mwen va detwi nèt tout nasyon kote Mwen te gaye ou yo,

sèlman ou menm ke M p ap detwi nèt.

Men m ap fè ou korije fil a mezi;

Mwen p ap kite ou san pinisyon.”

12Paske konsa pale SENYÈ a:

“Blesi ou yo pa kab geri,

e II Kwo 36:16kondisyon ou byen grav.

13Nanpwen moun ki pou plede koz ou;

pa gen gerizon pou maleng nan, Jr 14:19ni ou p ap ka refè.

14Tout moun ki renmen ou yo fin bliye ou,

yo pa chache ou;

paske Mwen te blese ou ak blesi a yon lènmi,

ak pinisyon a yon moun ki mechan,

akoz inikite ou gran e peche ou anpil.

15Poukisa w ap kriye akoz blesi ou yo?

Doulè ou a pa gen gerizon.

Akoz inikite ou yo gran e peche ou yo anpil,

Mwen te fè ou sa a.

16Akoz sa, tout sila ki Jr 2:3 devore ou yo va vin devore;

epi tout advèsè ou yo, yo chak, yo va antre an kaptivite.

Sila ki piyaje ou yo va tounen piyaj yo menm,

e tout sila yo ki fè nou vin viktim yo,

va vin viktim yo menm.

17Paske M ap fè ou Egz 15:26reprann lasante,

e Mwen va geri ou de tout blesi ou yo,” deklare SENYÈ a:

“Akoz yo te rele ou yon rejte e yo te di:

‘Se Sion; nanpwen moun ki bezwen anyen ladan.’”

18Konsa pale SENYÈ a:

“Gade byen, Mwen va restore fòtin a tant a Jacob yo,

e gen konpasyon pou lakay li yo;

vil la va rebati sou ranblè li yo

e I Kwo 29:1-19palè a va kanpe nan pwòp plas li.

19Nan yo menm, va sòti remèsiman ak vwa a sila k ap fè fèt yo.

Mwen va miltipliye yo e yo p ap diminye;

anplis, Mwen va bay yo És 55:5glwa, e yo p ap meprize;

20Pitit pa yo tou va tankou oparavan,

e kongregasyon yo va És 54:14etabli devan M.

Mwen va pini tout sila k ap oprime yo.

21Chèf pa yo va youn nan yo,

e sila ki gouvène yo va sòti nan mitan yo.

Mwen va Nonb 16:5mennen li toupre,

e li va vin toupre Mwen;

paske se kilès ki ta gen kouraj pou pwoche M?” deklare SENYÈ a.

22“Nou va vin pèp Mwen e Mwen va vin Bondye pa nou.”

23Gade byen, Jr 23:19tanpèt SENYÈ a, kòlè Li fin depanse nèt,

yon tanpèt k ap ravaje;

li va eklate sou tèt a mechan yo.

24 Jr 4:8 Kòlè fewòs SENYÈ a p ap detounen jiskaske li fin fè,

jiskaske li fin acheve entansyon a kè Li.

Nan dènye jou yo, ou va konprann sa.”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help