Jérémie 3 - Haitian Bible

1Bondye di: Det 24:1-4“Si yon mari divòse ak madanm li, e li kite li pou jwenn yon lòt gason, èske li va retounen kote li? Èske tè sa a p ap souye nèt? Men ou se yon pwostitiye ak anpil renmen; sepandan, se bò kote M, ou vin vire,” deklare SENYÈ a.

2“Leve zye ou pou wè mòn toutouni yo epi gade: “Se ki kote yo pa t kouche ak nou? Akote chemen yo, ou te chita tann yo. Tankou yon Arab nan dezè, ou te Jr 2:7pouri peyi a ak pwostitisyon ou ak mechanste ou.

3Akoz sa, farinaj lapli te vin sispann e lapli sezon prentan pa t rive. Men fon ou te gen yon fontèn Lev 26:19pwostitiye; ou te refize vin wont.

4Se pa depi koulye a, ou va rele a Mwen: ‘Papa mwen, ou se zanmi jenès mwen’?

5 Sòm 103:9 “‘Èske Li va fache jis pou tout tan? Èske Li va ensanse ak kòlè jiska lafen?’ Gade byen, ou te pale, ou te fè bagay ki mal e ou te fè pwòp volonte ou.”

6Alò, SENYÈ a te di m nan jou a wa Josias yo: “Èske ou te wè sa ke Israël enfidèl te fè a? Li te Jr 17:2monte sou tout kolin ki wo yo e anba tout bwa vèt. La, li te yon pwostitiye.

7II Wa 17:13Mwen te reflechi: ‘Apre li fin fè tout bagay sa yo, li va retounen kote Mwen.’ Men li pa t retounen e sè trèt li a, Juda, te wè l.

8Konsa, lè Mwen te wè tout enfidelite ak pwostitiye li yo, Mwen te voye li ale, e Mwen te fè yon dekrè pou divòse ak li. Men Éz 16:46-47sè trèt li a, Juda, pa t gen lakrent, men li te ale fè pwostitiye tou.

9Akoz li te pran pwostitiye li a kon yon bagay lejè, li te pouri peyi a e te fè adiltè ak És 57:6wòch ak pyebwa.

10Men malgre tout sa, sè trèt li a, Juda, pa t retounen kote Mwen ak tout kè l, men pito ak Jr 12:2desepsyon”, deklare SENYÈ a.

11Konsa, SENYÈ a te di m: “Israël enfidèl la te montre li pi dwat pase trèt la, Juda.

12Ale pwoklame pawòl sa yo vè nò, epi di: Jr 3:14-22 ‘Retounen, Israël enfidèl’, deklare SENYÈ a; ‘Mwen p ap gade ou ak kòlè. Paske Mwen gen mizerikòd, deklare SENYÈ a; Mwen p ap rete fache jis pou tout tan.

13Sèlman Det 30:1-3rekonèt inikite ou, ke ou te transgrese kont SENYÈ a, Bondye ou a. Ou te gaye favè ou bay etranje yo anba tout bwa vèt e ou pa t obeyi vwa M,’” deklare SENYÈ a.

14“Retounen, O fis enfidèl,” deklare SENYÈ a, “paske Mwen se yon Jr 31:32mèt pou nou. Mwen va retire de nou, youn nan yon vil e de nan yon fanmi, e Mwen va mennen nou Sion.”

15“Konsa, Mwen va bannou bèje selon pwòp kè Mwen, ki va Trav 20:28fè nou manje sou konesans ak bon konprann.

16Li va vin rive nan jou sa yo ke lè nou vin ogmante, e vin anpil nan peyi a”, deklare SENYÈ a, “yo És 65:17p ap di mo ankò: ‘Lach akò SENYÈ a’. Ni sa p ap vini nan tèt yo. Yo p ap sonje li, yo p ap remake pèt li, ni li p ap refèt ankò.

17Nan lè sa a, yo va rele Jérusalem: Jr 17:12 ‘Twòn SENYÈ a’ e tout nasyon yo va rasanble vè li; vè Jérusalem, vè non SENYÈ a. Ni yo p ap ankò mache ak tèt di ak kè mechan yo.

18Nan jou sa yo, lakay Juda va mache ak lakay Israël, e yo va vini ansanm sòti nan peyi nò pou rive nan Am 9:15peyi ke Mwen te bay a papa zansèt nou yo kon eritaj la.”

19“Epi Mwen te di: ‘Kòman Mwen fè lanvi pou plase ou pami fis Mwen yo, e bay ou yon bèl peyi, eritaj ki Sòm 16:6pi bèl pami nasyon yo!’ Epi Mwen te di: ‘Ou va rele Mwen: “Papa Mwen”, e ou p ap detounen sispann swiv Mwen.’”

20“Anverite, kon yon fanm fè trèt pou kite mari li, se konsa ou te És 48:8fè trèt kite Mwen, O lakay Israël”, deklare SENYÈ a.

21Yon vwa vin tande sou wotè mòn vid yo; vwa k ap kriye ak vwa siplikasyon a fis Israël yo; akoz yo te pèvèti chemen yo, yo te És 17:10bliye SENYÈ a, Bondye yo.

22“Retounen, O fis enfidèl, Mwen va geri enfidelite ou.”

“Gade byen, nou vin kote Ou; paske Ou se SENYÈ a, Bondye nou an.

23Anverite, soutyèn Jr 17:2kolin yo se yon desepsyon, yon zen sou mòn yo. Anverite, SENYÈ a, Bondye nou an, se sali Israël.

24Men Os 9:10afè wont sa a te manje fòs zèv zansèt nou yo depi nan jenès nou. Li te manje bann mouton yo ak twoupo yo, fis ak fi yo.

25Kite nou kouche nan wont nou, e kite imilyasyon kouvre nou. Paske nou te peche kontre Senyè a, nou menm ak papa nou yo, depi nan jenès nou yo, jis rive menm jodi a. E nou pa t obeyi lavwa Senyè a, papa nou.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help