Jérémie 1 - Haitian Bible

1Pawòl a II Kwo 35:25Jérémie yo, fis a Hilkija a, yon nan prèt yo ki te nan Anathoth nan peyi Benjamin.

2Pawòl SENYÈ a te vini kote li nan jou I Wa 13:2Josias yo, fis a Amon an, wa Juda a, nan trèzyèm ane règn li an.

3Li te anplis, vin rive nan jou II Wa 23:34Jojakim yo, fis a Josias la, wa Juda a, jis rive nan fen onzyèm ane Sédécias, fis a Josias la, wa Juda a, jis rive nan egzil a Jérusalem nan senkyèm mwa a.

4Alò, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen e te di:

5Avan Mwen te fòme ou nan vant, Mwen te konnen ou,

e avan ou te fèt mwen te konsakre ou.

Mwen te Jr 1:10deziye ou kon yon pwofèt a nasyon yo.

6Konsa, mwen te di: “Malè a mwen, Senyè BONDYE! Gade byen, mwen pa menm konnen kijan pou m pale, paske I Wa 3:7mwen se sèlman yon jennonm.”

7Men SENYÈ a te di mwen: “Pa di: ‘Mwen se sèlman yon jennonm’, paske tout kote Mwen voye ou, ou va ale, e Nonb 22:20tout sa ke Mwen kòmande ou, ou va pale l.

8Egz 3:12Pa pè yo, Paske Mwen avèk ou pou delivre ou”, SENYÈ a di.

9Epi SENYÈ a te lonje men L e te És 6:7touche bouch mwen. Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Gade byen, Mwen te mete pawòl Mwen nan bouch ou.

10Ou wè, Rev 11:3-6Mwen te deziye ou nan jou sa a sou nasyon yo, ak sou wayòm yo, pou rache, pou demoli, pou detwi, pou boulvèse, pou bati ak pou plante.”

11Pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di: “Se kisa ou wè, Jr 24:3Jérémie?” Mwen te reponn: “Mwen wè yon bout branch zanmann.”

12Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Ou te wè byen; paske Jr 31:28Mwen ap veye sou pawòl Mwen pou pawòl Mwen vin fèt.”

13Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen yon dezyèm fwa epi te di: “Se kisa ou wè”?

Epi mwen te di: “Mwen wè yon chodyè k ap bouyi, k ap apiye fas li kont nò a.” Za 4:2

14Konsa, SENYÈ a te di mwen: És 41:25“Depi nan nò a, mal la va pete vin parèt sou tout sila ki rete nan peyi a.

15Paske gade byen, Mwen ap rele tout fanmi a wayòm yo nan nò”, deklare SENYÈ a;

“Yo va vini, e yo chak va És 22:7plase twòn yo

nan antre pòtay Jérusalem nan,

kont tout miray antoure li yo, e kont tout vil Juda yo.

16Mwen va pwononse jijman Mwen sou yo pou tout mechanste yo,

akòz yo te abandone Mwen,

te Jr 7:9ofri sakrifis a lòt dye yo,

e te adore pwòp zèv men pa yo.

17“Alò, pou sa a, I Wa 18:46mare senti ou, epi leve pou pale yo tout sa ke M kòmande ou. Pa pè devan yo, sinon Mwen va fè ou pè devan yo.

18Gade byen, Mwen te fè ou menm jodi a kon yon vil fòtifye, kon yon pilye fè e kon miray an bwonz kont yon peyi nèt—a wa Juda yo, ak prens li yo, vè prèt li yo e a pèp a peyi a.

19Yo va goumen kont ou, men yo p ap reyisi; paske Nonb 14:9Mwen avèk ou pou delivre ou,” deklare SENYÈ a.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help