Ésaïe 59 - Haitian Bible

1Gade byen, Nonb 1:23men SENYÈ a pa tèlman kout

pou l pa ka sove;

ni zòrèy Li pa di pou l pa ka tande.

2Men se És 1:15inikite nou yo ki fè nou separe ak Bondye nou an,

e se peche nou yo

ki te kache figi Li de nou menm, pou Li pa tande.

3Paske És 1:15-21men nou souye ak san vèse,

e dwèt nou ak inikite.

Lèv nou fin pale sa ki fo,

e lang nou plenyen mechanste.

4Nanpwen moun ki fè pwosè ak dwati,

ni ki fè plent ak entegrite.

Yo mete konfyans nan vanite,

e yo pale manti.

Yo Job 15:35simen mal e yo rekòlte mechanste.

5Yo kale ze koulèv yo,

e Job 8:14trese fil arenye yo.

Sila ki manje ze yo va mouri;

e nan sa ki kraze a, yon koulèv va pete vin parèt.

6Fil pa yo p ap fè rad;

ni zèv yo p ap ka És 28:20kouvri yo.

Zèv pa yo se zèv inikite,

e se zak vyolans ki rete nan men yo.

7 Pwov 1:16 Pye pa yo kouri vè mal,

e yo fè vit pou vèse san inosan an.

Panse pa yo se panse inikite,

e destriksyon ak dega sou chemen yo.

8Yo pa konnen Luc 1:79chemen lapè,

e nanpwen jistis nan yo.

Yo te fè wout kwochi;

nenpòt moun ki antre kote yo pa konnen lapè.

9Akoz sa, lajistis rete lwen nou,

e ladwati pa fin rive sou nou.

Nou espere jwenn limyè pou klere nou,

men nou mache nan fènwa.

10Nou Det 28:29tatonnen akote mi an tankou moun avèg.

Nou tatonnen kon sila ki pa gen zye yo.

Nou kilbite a midi konsi se nan aswè.

Pami sila ki plen kouraj yo, nou parèt tankou moun mouri.

11Epi nou tout És 38:14gwonde tankou lous,

e plenyen ak tristès kon toutrèl.

Nou espere lajistis, men nanpwen;

pou delivrans, men li lwen nou.

12Paske transgresyon nou yo miltipliye devan Ou,

e És 3:9peche nou yo temwaye kont nou.

Paske transgresyon nou yo rete avèk nou

e nou konnen inikite nou yo:

13Nou fè rebèl e nou Jos 24:27nye SENYÈ a.

Nou vire kite Bondye nou an,

ak pawòl opresyon ak rebèl.

Nan kè a, nou fòmante

e fè vin parèt pawòl manti.

14 És 1:21 Lajistis vin detounen

e ladwati vin kanpe byen lwen.

Paske verite a fin glise tonbe nan lari

e ladwati p ap ka antre.

15Wi, verite a manke;

epi sila ki vire akote pou li pa fè mal la,

És 5:23 fin fè pwòp tèt li yon viktim.

Alò, SENYÈ a te wè

e sa pa t fè plezi devan zye L,

ke pa t gen jistis.

16Li te wè ke pa t gen pèsòn,

e te etone ke pa t gen moun ki pou entèsede.

Akoz sa a, Sòm 98:1pwòp bra Li te mennen sali a rive kote Li,

e ladwati Li te bay Li soutyen.

17Li te abiye ak ladwati kon pwotèj lestomak,

e ak Ef 6:17kas sali a sou tèt Li.

Li te mete vètman vanjans kon abiman,

e te vlope tèt Li ak zèl, kon manto Li.

18 Job 34:11 Selon zèv pa yo, konsa Li va rekonpanse yo:

jijman ak kòlè a advèsè Li yo,

rekonpans a lènmi Li yo;

a peyi kot yo, Li va bay sa yo merite.

19Akoz sa, yo va gen krent non SENYÈ a soti nan lwès

e glwa Li soti kote solèy leve a;

paske Li va És 30:28vini tankou dlo ravin k ap desann byen rapid.

Se van SENYÈ a kap pouse l.

20“Yon Wo 11:26Redanmtè va vini nan Sion,

e a sila ki vire kite transgresyon Jacob yo,” deklare SENYÈ a.

21“Pou Mwen menm, sa se Jr 31:31-34akò mwen avèk yo,” di SENYÈ a: “Lespri Mwen ki sou ou a, e pawòl Mwen ke M te mete nan bouch ou yo p ap janm disparèt nan bouch ou, ni bouch a desandan ou yo, ni bouch a desandan pa yo,” pale SENYÈ a, “depi koulye a e jis rive pou tout tan.”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help