Ésaïe 46 - Haitian Bible

1 És 2:18 Bel vin pwostène,

Nebo koube nèt.

Imaj pa yo kon pote sou bèt;

menm sou tout kalite bèt domestik.

Bagay ke nou pote yo se chaj lou;

yon fado ki pèze sa yo ki fatige.

2Yo koube nèt e yo vin pwostène ansanm.

Yo pa t ka delivre chaj lou a,

men yo menm Jij 18:17-24vin prizonye yo.

3Koute Mwen, O lakay Jacob

ak tout retay lakay Israël la;

nou menm ki te Sòm 71:6pote menm depi nan nesans,

ki te pote depi nan vant.

4Jis rive nan vyeyès nou, Mwen se Li,

e menm lè Sòm 71:18cheve nou blanch, Mwen va pote nou.

Mwen te fè, e Mwen va pote.

Mwen va pote, e Mwen va delivre.

5 És 40:18-25 A kilès nou ta fè Mwen sanble,

fè Mwen vin egal e konpare Mwen,

konsi nou te menm bagay?

6Kèk kon És 40:19vide lò ki sòti nan bous,

oswa peze ajan sou balans.

Anplwaye yon òfèv,

e l ap fè l vin tounen yon dye.

Yo pwostène—

e anverite, yo adore l.

7Yo fè l monte sou zepòl pou pote l;

yo pote l, mete li nan plas li, e li kanpe la.

Li p ap ka deplase nan plas li.

Malgre yon moun ta kriye anvè li, És 41:28li p ap ka reponn;

li p ap ka delivre l nan gwo pwoblèm li an.

8Sonje sa e kanpe fèm kon gason;

És 44:19 kenbe sa nan tèt nou ankò, transgresè yo.

9Sonje Det 32:7ansyen bagay ki pase lontan yo,

paske Mwen se Bondye e nanpwen lòt.

Mwen se Bondye, epi pa gen tankou Mwen,

10ki deklare lafen depi nan kòmansman

e depi tan lansyen yo, bagay ki pa t janm fèt yo.

Mwen ki di w: Sòm 33:11“Volonte m va etabli e Mwen va akonpli tout bon plezi M.”

11M ap rele yon zwazo ki manje chè soti nan lès,

yon nonm volonte Mwen an,

k ap soti nan yon peyi lwen.

Anverite, Mwen te Nonb 23:19pale.

Anverite, Mwen va fè sa rive.

Mwen ki te fè plan an;

Mwen k ap fè l rive.

12Koute Mwen, nou menm, moun Sòm 76:5tèt di,

ki lwen ladwati yo!

13Mwen mennen ladwati Mwen vin toupre.

Li pa lwen,

epi sali Mwen p ap fè reta.

Mwen va bay És 61:3sali nan Sion

e glwa Mwen a Israël.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help