Ésaïe 39 - Haitian Bible

1 II Wa 20:12-19 Nan lè sa a Merodac-Baladan, fis a Baladan nan, wa Babylon nan, te voye lèt ak yon kado bay Ézéchias, paske li te tande ke li te malad, e li te refè.

2Ézéchias te II Kwo 32:25-31kontan e te montre yo tout trezò lakay li yo; ajan ak lò a, epis ak lwil presye, tout zam li yo ak tout sa ki te la nan trezò a. Pa t gen anyen lakay li a ni nan tout wayòm li an ke Ézéchias pa t montre yo.

3Alò, Ésaïe, pwofèt la, te vin kote Wa Ézéchias. Li te di l: “Se kisa mesye sa yo te di, e se kibò yo sòti pou vin kote nou la a?”

Ézéchias te di: “Yo vin kote m soti nan yon Det 28:49peyi lwen, Babylone.”

4Li te di: “Se kisa yo te wè lakay ou a?”

Ézéchias te reponn: “Yo te wè tout sa ki lakay mwen an. Nanpwen anyen pami trezò mwen yo ke mwen pa t montre yo.”

5Konsa, Ésaïe te di a Ézéchias: “Tande I Sam 13:13-14pawòl SENYÈ dèzame yo,

6‘Gade byen, jou yo ap vini lè II Wa 24:13tout sa ki lakay ou ak tout sa ke papa ou yo te mete nan depo, jis rive nan jodi a, va pote ale Babylone. Anyen p ap rete’, pale SENYÈ a.

7‘Va gen kèk nan fis ou yo ki sòti nan ou menm, ke ou va fè. Yo va II Wa 24:10-16 pote ale, e yo va vin fè ofisye nan palè a wa Babylon nan.’”

8Ézéchias te di a Ésaïe: “Pawòl SENYÈ ke ou te pale a, bon.” Paske li te panse: “Ap gen lapè ak verite II Kwo 34:28nan jou mwen yo.”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help