Ésaïe 35 - Haitian Bible

1Savann nan ak dezè a va kontan.

És 41:19 Tè dezole a va rejwi e flèri, tankou yon woz.

2Li va fleri anpil, rejwi ak kè kontan,

e fè yon kri lajwa.

Glwa Liban an va bay a li menm;

majeste a Carmen ak Saron an.

Yo va wè És 25:9 glwa SENYÈ a, majeste a Bondye nou an.

3 Job 4:3-4 Ankouraje men ki pedi fòs,

e ranfòse jenou ki fèb la.

4Pale a sila ki gen És 32:4kè twouble yo,

“Pran kouraj!

Pa pè!

Gade byen, Bondye nou an va vini ak vanjans.

Rekonpans Li an va rive.

Li va vini, e Li va sove nou.”

5Konsa, És 29:18zye avèg yo va louvri,

e zòrèy a soud yo debouche.

6 Mat 15:30 Moun bwate yo va vòltije tankou sèf,

e lang bèbè a va rele ak gwo jwa.

Paske dlo va pete nan tè sèch yo,

ak vwa dlo yo nan dezè a.

7Peyi deseche a va vin tounen yon letan,

e tè swaf kòn És 49:10sous k ap pete dlo.

Nan landwa chen mawon yo,

nan kote yo poze a , va gen zèb ak wozo ak jon.

8Yon gran chemen va la, yon gran ri.

Li va rele Chemen Sen an.

Sila ki pa pwòp p ap vwayaje sou li,

men li va sèvi pou sila ki mache nan Chemen an.

Moun mechan ak enpridan an pa p mache la.

9Nanpwen lyon k ap la,

ni p ap gen bèt sovaj k ap mache sou li.

Yo p ap twouve la.

Men És 51:10rachte yo va mache la.

10 És 1:27 Rachte a SENYÈ yo va retounen.

Ya vini ak gwo kri lajwa lantre nan Sion;

lajwa ki p ap janm fini ap sou tèt yo.

Yo va twouve kè kontan ak lajwa;

tristès ak soupi va sove ale.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help