Ésaïe 31 - Haitian Bible

1Malè a sila ki desann Égypte pou sekou yo,

ki depann de cheval yo,

ki fè konfyans a cha yo paske yo anpil,

ak nan chevalye yo paske yo tèlman fò;

men yo pa gade sou És 10:17 Sila Ki Sen an Israël la,

ni chache SENYÈ a!

2Men anplis, Li saj;

Li va mennen dezas;

Li Nonb 23:19p ap retire pawòl Li menm;

men Li va leve kont kay malfektè yo,

ak kont sekou a sila ki fè mechanste yo.

3Alò, Ejipsyen yo se Éz 28:9moun.

Se pa Bondye.

Cheval yo se chè; se pa lespri.

Pou sa, SENYÈ la va lonje men L;

sila k ap bay sekou a va glise tonbe.

Sila ki resevwa sekou a va tonbe,

e yo tout va rive fini ansanm.

4Paske konsa SENYÈ a di mwen:

“Tankou lyon oswa jenn lyon gwonde sou kò bèt l ap manje,

lè yon bann bèje vin parèt la;

li p ap pè vwa yo,

ni li p ap deranje akoz bri yo fè.

Konsa, SENYÈ dèzame yo va vin desann

pou És 42:13fè lagè sou Mòn Sion ak sou kolin li an.”

5Tankou zwazo k ap vole,

se konsa SENYÈ a va pwoteje Jérusalem.

Li va És 37:35pwoteje li e delivre li.

Li va pase sou sa pou sove li.

6Retounen kote Sila ke nou te És 1:2-5 tèlman neglije a, O fis Israël yo.

7Paske nan jou sa a, tout moun

va jete deyò zidòl an ajan li yo ak zidòl an lò li yo,

ke I Wa 12:30 men plen peche nou yo te fè pou nou.

8Epi Asiryen an va tonbe pa yon nepe ki pa t pou lòm,

e És 66:16nepe a ki pa pou lòm va devore l.

Pou sa, li p ap chape anba nepe a,

e jenn mesye li yo va devni ouvriye kòve.

9“Wòch li va disparèt akoz panik,

e prens li yo va gen gwo lakrent devan drapo a”,

deklare SENYÈ a,

És 10:16-17 Sila ki gen dife Li nan Sion an,

ak founo nan Jérusalem nan.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help