Ésaïe 15 - Haitian Bible

1Pwofesi konsènan Moab la.

Anverite nan yon sèl nwit, Nonb 21:28Ar-Moab fin devaste e detwi nèt. Nan yon sè nwit, Kir-Moab fin devaste e detwi nèt.

2Yo fin monte nan tanp lan ak Jr 48:18-22Dibon, menm kote wo plas yo pou kriye. Moab rele anmwey sou Nebo ak Médeba. Razwa fin pase sou tèt tout moun e tout bab fin koupe.

3Nan lari yo, yo fin abiye ak Jon 3:6-8twal sak. Sou twati lakay yo e sou gwo plas yo, tout moun ap rele anmwey e vin fann nèt akoz dlo ki sòti nan zye yo.

4Anplis, Nonb 21:28Hesbon ak Élealé rele anmwey; vwa yo konn tande jis rive Jahats. Akoz sa, tout mesye ak zam yo kriye fò; nanm yo tranble anndan.

5Kè m kriye fò pou Moab! Prens li yo sove ale rive jis Tsoar yo, jis Églath-Schelischija yo. Yo monte pant Luchith la pandan y ap kriye nèt; anverite, menm sou wout pou rive Choronaïm nan, y ap leve yon kri anmwey És 59:7 pou destriksyon yo.

6Paske dlo a Nimrin yo abandone. Anverite, zèb la fennen nèt; menm boujon gazon mouri. Jl 1:10-12Pa gen anyen ki vèt.

7Pou sa, És 30:6gwo kantite byen ke yo vin genyen pou mete nan depo, yo pote yo ale sou flèv dlo Arabim nan.

8Paske kri anmwey la fin kouri ale antoure peyi Moab la. Plenyen li an rive jis Egalïm, e lamantasyon li an jis Beer-Élim.

9Paske dlo a Dimon yo plen ak san. Anverite Mwen va ogmante mizè sou Dimon, ak yon II Wa 17:25lyon sou sila yo k ap sove ale Moab, menm ankò sou retay yo nan peyi a.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help