Ésaïe 3 - Haitian Bible

1Paske gade byen, Senyè BONDYE dèzame yo va Lev 26:26retire sou Jérusalem ak Juda ni sipò, ni mwayen materyo,

tout sa ki pou founi pen

e tout sa ki pou founi dlo;

2 II Wa 24:14 Nonm pwisan an,

gèrye la,

jij ak pwofèt la,

divinò a ak ansyen an,

3Kapitèn dè senkant yo,

nonm ki resevwa onè a,

konseye a,

atizan an,

ak sila ki fò nan fè wanga a.

4Konsa, Mwen va fè Ekl 10:16senp tigason yo vin chèf sou yo,

e timoun san kontwòl yo va vin renye sou yo.

5Epi pèp la va Mi 7:3-6oprime,

youn pa yon lòt e chak pa vwazen li;

jenn yo va fè rebèl kont granmoun yo

e sila ki enferyè a kont sila ki gen onè a.

6Lè yon nonm És 4:1mete men l sou frè l lakay papa l, epi di:

“Se ou ki gen manto a, se ou k ap chèf nou an,

e tout miray kraze sa yo va anba pouvwa ou”,

7Nan jou sa a, li va diskite ak yo e li va di:

“Se pa mwen menm k ap Éz 34:4geri nou an;

paske lakay mwen pa gen ni pen, ni manto;

se pa mwen menm pou nou ta chwazi chèf sou pèp la.”

8Paske Jérusalem chape glise e Juda fin tonbe akoz

pawòl ak zak yo kont SENYÈ a;

pou yo És 65:3 fè rebèl kont prezans sen Li an.

9Vizaj figi yo fè temwen kont yo,

e yo montre tout moun peche yo tankou Sodome.

Yo pa menm kache sa a. Malè a yo menm!

Paske yo Pwov 8:36mennen mal la vin tonbe sou yo.

10Di a Det 28:1-14moun dwat yo sa prale byen pou yo,

paske yo va manje fwi a zèv yo.

11Malè a mechan an!

Sa prale mal pou li.

Paske Det 28:15-68sa li merite a, se sa k ap rive li.

12O pèp Mwen an! Moun ki oprime yo se timoun

ak fanm ki gouvène sou yo.

O pèp Mwen an! És 9:16 Sila k ap gide ou yo, egare ou,

e konfonn direksyon chemen nou yo.

13Se És 66:16SENYÈ a ki parèt kon advèsè yo

e ki kanpe pou jije pèp la.

14SENYÈ a Job 22:4antre nan jijman ak ansyen ak prens a pèp Li a.

“Se nou ki te devore chan rezen an;

piyaj malere a fèt anndan lakay nou.

15Se kilès ki bannou dwa pou Sòm 94:5kraze pèp Mwen an,

e foule figi malere yo?” SENYÈ dèzame yo pale.

16Anplis SENYÈ a di: “Akoz Kan 3:11fi a Sion yo ògeye,

mache ak tèt anlè ak zye k ap sedwi,

mache ak ti pa kout pou atire zye gason,

e fè sone tout ti son braslè sou pye yo.

17Pou sa, SENYÈ a va aflije tèt fi a Sion yo ak kal,

e SENYÈ a va fè tèt yo chòv.”

18Nan jou sa a, SENYÈ a va retire bèlte a braslè pye yo, bando sou tèt yo, Jij 8:21-26dekorasyon kwasan yo,

19zanno zòrèy yo, braslè yo, vwal yo,

20Egz 29:38dekorasyon tèt yo, chenn nan pye yo, bèl twal sentiwon yo ak bwat pafen yo, bwòch yo,

21bag dwèt yo, Jen 24:47zanno nen yo.

22Vètman gwo fèt yo, gwo manto yo, bous lajan yo,

23miwa men yo, ti sou-vètman yo, tiban yo, ak vwal yo.

24Epi li va fin rive ke olye sant pafen dous,

ap gen move odè pouriti;

olye se sentiwon, ap gen yon kòd;

olye se I Pi 3:3cheve swa byen ranje,

ap gen yon tèt chòv;

olye se bèl vètman, ya mete twal sak;

epi y ap pote etanp sou kò pou ranplase bote.

25Gason nou yo va És 1:20tonbe devan nepe,

ak moun pwisan nou yo nan batay.

26Epi pòtay vil la va kriye fò ak lamantasyon,

doulè ak dezolasyon nèt. Li va Lam 2:10chita atè.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help