1Veye pa ou yo pandan w ap desann lakay Bondye a, e vin toupre pou koute olye I Sam 15:22ofri sakrifis a moun ensanse yo. Paske yo pa konnen ke se mal y ap fè.
2Pa Pwov 20:25fè vit avèk pawòl ou, ni kouri twò vit pou soulve yon refleksyon devan prezans Bondye. Paske Bondye nan syèl la, e ou sou tè a; pou sa pa kite pawòl ou yo vin anpil.
3Paske rèv la vin akonpli ak anpil travay; e vwa a yon Job 11:2moun ensanse, ak anpil pawòl.
4Lè ou Nonb 30:2fè yon ve a Bondye, pa fè reta pou peye l; paske li pa pran plezi nan moun ki plen foli. Peye sa ou te pwomèt la!
5Li Pwov 20:25pi bon pou pa fè ve pase fè yon ve pou pa peye l.
6Pa kite pawòl ou yo fè ou fè peche, e pa di nan prezans a mesaje Bondye a ke ou te mal pale. Poukisa Bondye ta dwe vin fache akoz vwa ou, e detwi tout zèv men ou yo?
7Paske nan fè anpil rèv ak nan anpil pawòl, gen yon gwo vid. Pito Ekl 3:14gen lakrent Bondye.
8Si ou wè malere a vin oprime e Éz 18:18 pa gen lajistis nan pwovens yo, pa sezi lè ou wè l. Paske gen chèf sou chèf, e gen chèf pi wo sou yo.
9Apre tout bagay, yon wa ki kiltive latè se yon avantaj pou peyi a.
10 Ekl 1:8 Sila ki renmen lajan an p ap satisfè ak lajan; ni sila ki renmen richès la ak sa li reyisi. Sa anplis se vanite.
11Ekl 2:9Lè bon bagay ogmante, sila ki manje yo ogmante. Konsa, pa gen lòt avantaj pou mèt yo, sof ke kanpe veye?
12Dòmi a ouvriye a Pwov 3:24dous, kit li manje piti oswa anpil; men vant plen a moun rich la p ap kite l dòmi.
13Gen yon gwo mechanste ke m konn wè anba solèy la: Ekl 6:2richès sere pa mèt li jiskaske li rive donmaje pwòp tèt li.
14Lè richès sa yo te pèdi akoz yon move envestiman, e li vin papa a yon fis; alò, nanpwen anyen pou ba li.
15Kon li soti nan vant manman li toutouni an; se konsa li va retounen jan li te sòti a. Li p ap Sòm 49:17pote anyen nan men l kon fwi travay li.
16Sa anplis se yon gwo malè—menm jan yon nonm fèt la, se konsa l ap mouri. Alò, kote avantaj pou sila k ap travay di nan van an?
17Pandan tout lavi li, li manje nan tenèb ak gwo chagren, maladi ak kòlè.
18Men sa mwen konn wè ki bon e ki pwòp pou moun fè a: manje, bwè e fè kè kontan nan tout travay ke li fè anba solèy la, pandan ti tan kout ke Bondye ba li a. Paske se sa ki Ekl 2:10rekonpans li.
19Anplis, menm jan pou tout moun ke II Kwo 1:12Bondye te bay richès ak byen yo, anplis Li te bay li kapasite pou manje ladann yo e rejwi nan travay li. Sa se don Bondye a.
20Konsa, se pa souvan ke moun nan va konsidere ane lavi li yo, paske Egz 23:25Bondye kenbe l okipe tout tan ak rejwisans kè li.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.