Pwovèb Yo 29 - Haitian Bible

1Yon nonm ki fè tèt di apre anpil repwòch

va Pwov 6:15 vin kraze sibitman san remèd.

2Lè Est 8:15moun dwat yo vin ogmante, pèp la rejwi;

men lè yon moun mechan gouvène, pèp la jemi.

3Yon nonm ki Pwov 10:1renmen sajès fè papa l kontan;

men sila ki pase tan l ak pwostitiye yo gate byen li.

4 II Kwo 9:8 Avèk jistis, wa a fè tout peyi a vin estab;

men yon nonm ki aksepte kòb anba tab boulvèse li.

5Yon nonm ki Sòm 5:9flate vwazen li

ap ouvri filè pou pla pye li.

6Pa transgresyon yon nonm mechan

vin Pwov 22:5pran nan pyèj nèt;

men moun dwat la va chante e rejwi.

7Moun Job 29:16ladwati a gen kè pou dwa malere;

men mechan an pa menm konprann afè sa a.

8Mokè yo, fè gwo vil la pran dife;

men moun Pwov 16:14 saj yo kalme kòlè.

9Lè yon nonm saj gen yon kont ak yon moun san konprann,

moun san konprann nan anraje oswa ri, e nanpwen repo.

10Moun k ap Jen 4:5-8vèse san rayi inosan an;

men moun dwat yo pwoteje lavi li.

11Moun san konprann toujou fache;

men Pwov 19:11yon nonm saj kenbe tèt li anba kontwòl.

12Si I Wa 12:14gouvènè a prete atansyon a manti,

tout minis li yo va vin mechan.

13Malere a ak opresè a gen yon bagay ki sanble;

se SENYÈ a ki Esd 9:8 mete limyè nan zye tou de.

14Si yon Sòm 72:4wa jije pòv yo ak verite,

twòn li va etabli jis pou tout tan.

15 Pwov 13:24 Baton ak repwòch bay sajès;

men timoun ki fè sa li pito a mennen wont sou manman l.

16Lè mechan yo vin plis, transgresyon yo ogmante;

men Sòm 37:34-36moun dwat yo va wè tonbe yo.

17Korije fis ou e li va ba ou rekonfò;

anplis, li va Pwov 10:1 bay nanm ou gwo plezi.

18Kote nanpwen I Sam 3:1vizyon, pèp la san fren;

men byen kontan se sila ki kenbe lalwa a.

19Pawòl sèl p ap ka enstwi yon esklav;

paske malgre li konprann, li p ap reponn.

20Èske ou wè yon nonm ki Jc 1:19 pale vit san reflechi?

Gen plis espwa pou moun fou a pase li menm.

21Sila ki byen swaye esklav li depi li piti a,

nan lafen, twouve yon fis.

22Yon Pwov 15:18nonm an kòlè pwovoke konfli

e yon nonm ki plen fachèz fè anpil tò.

23Ògèy a yon nonm va mennen li ba;

men yon Pwov 15:33 lespri enb va jwenn respè.

24Sila ki fè konplo ak yon volè rayi pwòp lavi li;

li Lev 5:1pran sèman an men li pa pale anyen.

25Lakrent a lòm mennen yon pèlen;

men sila ki Sòm 91:1-16mete konfyans li nan SENYÈ a va leve wo.

26Gen anpil moun k ap chache favè a sila ki gouvène a;

men És 49:4lajistis pou lòm va sòti nan SENYÈ a.

27Tankou yon nonm Sòm 6:8enjis abominab a moun dwat,

yon nonm ladwati abominab a mechan yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help