1Kè a wa a se tankou kanal dlo nan men SENYÈ a;
Li Esd 6:22vire l kote Li vle.
2Chemen a yon moun bon nan pwòp zye li;
men SENYÈ a Pwov 16:2peze kè yo.
3SENYÈ a pito I Sam 15:22ladwati ak lajistis
plis pase sakrifis.
4Zye ki leve wo ak kè ki plen ògèy;
Pwov 24:20 lanp a mechan yo se peche.
5Plan a Pwov 10:4dilijan an mennen byen si, vè avantaj;
men tout moun ki aji san reflechi va, san dout, vin pòv.
6Ranmase anpil byen ak lang k ap bay manti
se yon vapè k ap sove ale, k ap kouri dèyè lanmò.
7Vyolans a mechan yo va trennen yo fè yo pati,
akoz yo Am 5:7refize aji ak jistis.
8Chemen a yon moun koupab Pwov 2:15kwochi;
men pou sila ki san tach la, kondwit li dwat.
9Li pi bon pou viv nan ti kwen sou twati a
pase nan yon kay ak yon fanm k ap fè kont tout tan.
10Nanm a mechan an vle mal;
vwazen li an pa twouve gras nan zye l.
11Lè Pwov 19:25mokè a vin pini, moun san konprann nan vin saj;
men lè moun saj la enstwi, li resevwa konesans.
12Lè sila ki dwat, pran an konsiderasyon kay mechan an,
Pwov 14:11 afè mechan an vin detwi nèt.
13Sila ki Mat 18:30-34fèmen zòrèy li a kri aflije a,
va vin kriye pou kont li, men li p ap jwenn Jc 2:13 repons.
14Yon Pwov 18:16kado vèse an sekrè kalme fachez,
e yon anba tab ki glise rive, bese gwo kòlè.
15Aplike lajistis se yon plezi pou moun dwat;
men se yon gwo laperèz pou malfektè inikite yo.
16Yon nonm egare ki kite chemen bon konprann nan,
va jwenn repo nan asanble mò yo.
17Sila ki Pwov 23:21renmen plezi, va vin pòv;
sila ki renmen diven ak lwil, p ap janm rich.
18Mechan an se yon És 43:3ranson pou moun dwat yo;
e sila ki fè trèt la pou sila ki kanpe janm.
19 Pwov 21:9 Li pi bon pou rete nan dezè
pase viv ak yon fanm k ap agase moun tout tan.
20Gen bèl trezò ak lwil nan abitasyon a moun saj la;
men, moun san konprann nan Job 20:15-18 vale tout.
21Sila ki Pwov 15:9swiv ladwati ak fidelite a
jwenn lavi, ladwati ak lonè.
22Yon II Sam 5:6-9nonm saj monte sou miray vil pwisan,
e fè tonbe sitadèl la ki te bay yo konfyans.
23Sila ki Pwov 12:13veye bouch li ak lang li
pwoteje nanm li kont gwo twoub.
24Ògèy, Monte Tèt Wo, Mokè;
men tit a sila ki aji nan ògèy ak ensolans yo.
25Se Pwov 13:4volonte a parese a ki fè l mouri,
paske men li refize travay;
26Gen moun tout lajounen kap anvi yon bagay,
pandan moun dwat yo Sòm 37:26 ap vèse bay san rete.
27Sakrifis a mechan yo abominab;
se konbyen anplis, lè l pote ak movèz fwa.
28Yon Pwov 19:5-9fo temwen va peri;
men sila ki koute verite a va pale ak letènite.
29Moun mechan an afiche yon figi brav;
men pou Sòm 119:5moun ladwati a, chemen li an sèten.
30 Jr 9:23 Nanpwen sajès, ni bon konprann, ni konsèy kont SENYÈ a.
31Cheval la prepare pou jou batay la;
men Sòm 3:8viktwa a se nan men SENYÈ a.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.