Sòm Yo 149 - Haitian Bible

1Louwe SENYÈ a!

Chante a SENYÈ a yon chan tounèf,

avèk lwanj Li Sòm 35:18nan asanble fidèl Li yo.

2Kite Israël fè kè kontan nan Kreyatè li a.

Kite fis a Sion yo rejwi nan Jij 8:23Wa yo a.

3Kite yo louwe non Li avèk dans!

Kite yo chante lwanj a Li

avèk Egz 15:20tanbouren ak gita.

4Paske SENYÈ a pran plezi nan pèp Li a.

Li va Sòm 132:16anbeli enb yo avèk sali Li.

5Kite fidèl yo leve wo nan glwa.

Kite yo chante ak lajwa sou kabann yo.

6Ke Sòm 66:17 gwo lwanj a Bondye yo kapab nan bouch yo,

ak yon nepe file de bò nan men yo,

7pou Éz 25:17fè vanjans sou nasyon yo,

avèk pinisyon sou lòt pèp yo;

8pou mare wa yo ak chenn,

ak Na 3:10moun pwisan yo nan gwo chenn an fè,

9pou Det 7:12egzekite sou yo jijman ki te ekri a.

Sa se lonè de tout fidèl Li yo.

Louwe SENYÈ a!

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help