1Sila ki mete konfyans yo nan SENYÈ a tankou Mòn Sion,
ki pa kab deplase, men ki dire jis pou tout tan.
2Kon mòn antoure Jérusalem yo,
se konsa Za 2:5SENYÈ a antoure pèp Li a
depi moman sa a, e jis rive pou tout tan.
3Paske baton wayal plen mechanste p ap poze sou peyi a moun ladwati yo,
jis pou moun dwat yo pa leve men yo pou fè mal.
4Fè byen, SENYÈ, a sila ki bon yo, ak sila ki Sòm 7:10dwat nan kè yo.
5Men pou sila ki vire akote pou Pwov 2:15chemen kwochi pa yo,
SENYÈ a va mennen yo sòti avèk
sila ki fè inikite yo.
Ke lapè rete sou Israël.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.