Sòm Yo 118 - Haitian Bible

1Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li bon.

Lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.

2O kite Sòm 115:9Israël di: “Lanmou dous Li a se pou tout tan”.

3O kite Sòm 115:10lakay Aaron di: “Lanmou dous Li a se pou tout tan.”

4O kite sila Sòm 115:11ki krent SENYÈ yo di:

“Lanmou dous Li a se pou tout tan.”

5Depi nan Sòm 18:6gran pwoblèm mwen yo, mwen te rele SENYÈ a;

SENYÈ a te reponn mwen e te mete m yon kote byen laj.

6SENYÈ a pou mwen; mwen pa pè.

Sòm 56:4-11 Kisa lòm kab fè m?

7SENYÈ a pou mwen pami sila ki ede mwen yo;

Akoz sa, mwen va gade ak kè kontan sila ki rayi mwen yo.

8Li II Kwo 32:7-8pi bon pou kache nan SENYÈ a,

pase pou mete konfyans nan lòm.

9Li Sòm 146:3pi bon pou kache nan SENYÈ a,

pase pou mete konfyans nan prens yo.

10Tout nasyon yo Sòm 3:6te antoure mwen.

Nan non SENYÈ a, mwen te anverite, koupe retire yo nèt.

11Yo te antoure mwen, wi, yo te antoure mwen.

Nan non SENYÈ a, mwen va anverite, koupe retire yo nèt.

12Yo te antoure mwen Det 1:44tankou myèl.

Yo te efase nèt tankou dife nan bwa pikan.

Nan non SENYÈ a, mwen va anverite, koupe retire yo nèt.

13Ou te pouse mwen ak vyolans jiskaske mwen t ap tonbe,

Men SENYÈ a te Sòm 86:17 fè m sekou.

14SENYÈ a se fòs mwen ak chanson mwen.

Li te vin sali mwen.

15Son lajwa eklate ak delivrans nan tant a moun ki dwat yo.

Men Egz 15:6dwat a SENYÈ a se vanyan!

16Men dwat a SENYÈ a leve wo!

Men Egz 15:6dwat a SENYÈ a se vanyan!

17Mwen p ap mouri, men m ap viv,

e mwen va Sòm 73:28pale sou zèv a SENYÈ yo.

18SENYÈ a te Sòm 73:14korije m ak severite,

men Li pa t lage mwen a lanmò.

19 És 26:2 Ouvri pòtay ladwati yo pou mwen.

Mwen va antre nan yo.

Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a.

20Sa se pòtay SENYÈ a.

Sòm 15:1-2 Moun ladwati yo va antre ladann.

21Mwen va bay Ou remèsiman,

paske Ou te Sòm 116:1reponn mwen,

e Ou te vin sali mwen.

22 Mat 21:42 Wòch ke sila ki t ap bati yo te refize a,

gen tan vini wòch ang prensipal la.

23Sa fèt pa SENYÈ a.

Li se yon mèvèy nan zye nou.

24Sa se jou ke SENYÈ a te fè.

Annou Sòm 31:7rejwi nou e fè kè kontan ladann.

25O SENYÈ, sove nou koulye a, nou sipliye Ou!

O SENYÈ, nou sipliye Ou, voye Sòm 122:6-7 abondans!

26 Mat 21:9 Beni se sila ki vini nan non SENYÈ a!

Nou te beni Ou depi lakay SENYÈ a.

27SENYÈ a se Bondye, e Li te bannou Est 8:16limyè.

Mare sakrifis la ak kòd sou kòn lotèl yo.

28Ou se Bondye mwen e mwen va bay Ou remèsiman;

Ou se Bondye mwen e mwen va leve Ou wo.

29Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li bon!

Paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help