1Mwen renmen SENYÈ a, paske Li tande vwa m,
avèk siplikasyon mwen yo.
2Akoz Li te Sòm 17:6panche zòrèy Li bò kote m,
pou sa, mwen va rele non Li pandan tout tan ke m viv.
3Kòd lanmò yo te antoure m,
e laperèz fòs lanmò te vini sou mwen.
Mwen te jwenn twoub ak gwo tristès.
4Alò, mwen te rele non SENYÈ a.
O SENYÈ, mwen sipliye Ou, Sòm 17:13sove lavi mwen!
5Ranpli ak gras ak ladwati, se SENYÈ a.
Wi, Bondye nou an plen ak Egz 34:6mizerikòd.
6SENYÈ a toujou pwoteje Sòm 19:7 moun senp yo.
Mwen te abese mwen nèt e Li te sove mwen.
7Reprann Jr 6:16repo ou, O nanm mwen, paske
Bondye te aji nan bonte Li avèk ou.
8Paske Ou te Sòm 49:15delivre nanm mwen devan lanmò,
zye m pou m pa kriye, pye m pou m pa glise tonbe.
9Mwen va mache devan SENYÈ a nan
Sòm 27:13 peyi moun vivan an.
10Mwen II Kor 4:13te kwè, pou sa mwen te di: “Mwen te vrèman aflije.”
11Mwen te di nan mitan gwo twoub mwen yo:
Sòm 62:9 “Tout moun se mantè”.
12Kisa mwen kapab II Kwo 32:25bay a SENYÈ a
Pou tout bonte Li anvè mwen?
13Mwen va leve wo Sòm 16:5koup sali a,
e rele non SENYÈ a.
14Mwen va Sòm 50:14peye tout ve mwen yo anvè SENYÈ a.
Wi, nan prezans tout pèp Li a!
15 Sòm 72:14 Byen chè nan zye SENYÈ a, se lanmò a fidèl Li yo.
16O SENYÈ, anverite, mwen se sèvitè Ou.
Mwen se sèvitè Ou, fis a sèvant Ou an.
Ou fin Sòm 107:14lache kòd mwen yo.
17A Ou menm, mwen va ofri yon Lev 7:12sakrifis remèsiman,
e va rele sou non SENYÈ a.
18Mwen va Sòm 116:14peye ve mwen yo a SENYÈ a.
Wi, kite l fèt nan prezans a tout pèp Li a!
19Nan Sòm 92:13lakou lakay SENYÈ a, nan mitan nou menm,
O Jérusalem, Louwe SENYÈ a!
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.